Accessibility links

Breaking News

Etazuni Anonse 3 Nouvo Rankont Avan Koup du Mond la


Football

Antrenè seleksyon maskulen ameriken anonse yon seri de rankont chofe jarèt avan li mete tèt pou Almay kote li pral patisipe nan koup du mond la. Federasyon an anonse li gen pou l rankontre ak Maròk le 23 Me nan Nashville Tennessee ak Venezuela nan Cleveland Ohio 26 Me ak Letoni 28 Me nan East Rutherford connecticut. Etazuni gen lòt match pou l jwe kont Almay le 22 Mars nan Dortmund epi Jamayik le 11 Avril nan Cary an Karolin du Nò.

Antrenè klub Angle Chelsea Portugè Jose Mourinho di li gen konfyans lap antrenè seleksyon Portugal la yon jou. Palmantè Unyon Eròp la mande Unyon Football Europeyen ak lòt òganizasyon spòtif sou kontinan pou adopte mezu sevè kont rasis kap pratike sou teren an e an deyò teren an. Plis pase 400 depute siyen yon petisyon pou mande ekspulsyon klub fanatik ou byen jwè kap lanse pwopo rasis. Jodi a Inter de Milan ap rankontre ak Ajax Amsterdam nan kad match retou retade 8 tièm de final Lig dè Chanpyon Europeyen an.

Seleksyon feminen ameriken fini an premyè pozisyon nan group B koup Algarv la nan Portugal apre li wonfle la Frans 4 a 1. Etazuni pral rankontre an final ak Almay demen Mèkredi a. La Chin te pilon-nen Danmak 6 a 0 nan group B a.

Siklisme

Siklis Italyen Alessandro Petacchi ranpòte 7 tièm e dènye etap kous bisiklèt Tirreno-Adriatik la men Olandè Thomas Dekker ranpòte konpetisyon an ak 14 sekond. Alman Joerg Jaksche fini an 2 zièm pozisyon devan Italyen Alessandro Ballan.

Ekip siklis Phonak suspann siklis Swis Sascha Urweider apre tès urin inisyal teste pozitif pou testosterò n. Urweider di rezon ki fè urin nan pozitif se akoz yon supleman alimantè li te achte nan men yon konpayi Alman sou entènèt la.

Basketball

Ekip basketball Duke Blue Devils retounen kòm numewo 1 univèsitè yo dapre klasman Associated Press publiye. Duke ki se tèt de seri numewo 1 chanpyon Mas an Foli Univèsite yi sote 2 mach apre li finn ranpòte Konferans Kot Atlantik la week-end pase a. Connecticut ak Villanova ki se tèt de seri rejyonal, pèdu pye pou klase numewo 2 e numewo 3. Memphis klase 4 trièm answit nou jwen Gonzaga, Ohio State, Boston College, UCLA, Tekzas ak North Carolina kòm 10 premye yo.

Carmelo Anthony make 35 pwen nan New York pou ede Denver Nuggets tronse New York Knicks 108 a 96. Los Anjeles Clippers danse sou Minnesota Timberwolves 95 a 87. Malgre Yao Ming make 36 pwen sa pat anpeche Houston Rockets tonbe devan New Jersey Nets 90 a 77. Milwaukee Bucks ranpot̀e yon viktwa de justès 88 a 87 devan Atlanta Hawks. Indiana Pacers woule Orlando Majik 97 a 83.

Antrenè John Chaney pran retrèt li apre 24 tran li pase ap antrenè ekip basketball maskulen Univèsite Temple la nan Filadelphia. Chaney ap pran retrèt li ak yon palmarè 741 viktwa pami yo 516 viktwa ak 252 defèt nan Univèsite Temple ak plizyè trofe.

Lig Pwofesyonèl Baskletball Ostralyen an anonse yon ekip ki baze nan Sengapour ap vinn fè pati lig la nan fen ane a--se premye lig pwofesyonèl Ostralyen kap enklu yon ekip ki soti sou kontinan Azyatik la. Nouvo klub la ap jwe 16 match sou yon total 33 nan Sengapour.

Je Commonwealth

Akuzasyon sou atak seksuèl kreye anpil kontwovès nan Je Commonwealth Britanik yo ki gen pou kòmanse Mèkredi nan vil Melbourne an Ostrali avek patisipasyon 71 peyi.. Otorite yo ap ankete sou akuzasyon ki te vle fè konprann masè yon ekip endyen ta atake seksuèlman demwazèl 16 zan kap netwaye vilaj la. Nèg ki kapab kondane pou l pase 2 zan prizon si la justis jwen li koupab, demanti akuzasyon yo.

Tennis

Ostralyen Lleyton Hewitt te bezwen yon pwolongasyon pou l kale alman Rainer Schuettler 7-6, 2-6, 6-4 nan tounwa Indian Wells kap dewoule nan Kalifòni. Ameriken Andy Roddick elimine espayòl Fernando Verdasco 6-3, 6-4. Alman Tommy Haas koule ameriken Andre Agassi 7-5, 6-2. Bò kote meda m yo Bèlj Justine Henin Hardenne tronse Japonè Aiko Nakamura 6-0, 6-0 aloske ke Indyèn Sania Mirza tonbe devan Rus Elena Dementieva 5-7, 6-4, 6-4.

XS
SM
MD
LG