Accessibility links

Breaking News

FIFA Dakò Pou Foto Koup du Mond Football la Publiye sou Entènèt la


FOOTBALL

FIFA leve tout restriksyon li te enpoze sou dwa difuzyon foto sou entènèt la pandan dewoulman koup du mond la apre li jwen yon antant ak pati konsène yo. FIFA te di se sèman 10 foto ki dwe publiye pou yon match e 2 lòt adisyonèl si rankont la rive nan pwolongasyon ak penalite e sèlman 2 zèd-tan apre kout siflèt final abit la.

Antrenè Chelsea a Jose Mourinho vle jwen sèvis menè de je Bayern de Munick la Alman Michael Ballack--yon tranfè ki kapab koute anviwon 30 milyon dola. Jodi Madi a match an reta Lig dè Chanpyon Europeyen ap dewoule an Inter de Milan ak Ajax Amsterda m. 2 ekip yo te fè match nul 2 a 2 nan match ale a. Inter de repoze espwa l sou vedèt Brezilyen Adriano ki te sot make gòl viktwa Inter sot ranpòte devan SAmpdaria de Jè n nan chanpyona Italyen an. Pandan 7 rankont Ajax Amsterdam pa janm ranpöte yon viktwa an Itali.

Je Zolenpik

REsponsab spòtif Japonè yo deklare gouvènman an ap pare pou l soumèt kandidatu vil Tokyo pou òganize je zolenpik dété yo an 2 mil 16. Komite Olenpik Entènasyonal la ap anonse venkè a an Juyè 2009.

NBA

Detroit Pistons ranpòte 50 tièm viktwa l nan NBA a apre li pilon-nen Charlotte Bobcats 94 a 78. Richard Hamilton make 24 pwen nan piyay la. Detroit subi sèlman 12 defèt nan moman manke 20 match pou sezon regulye a fini-ak viktwa Detroit deja kalifye pou faz final la. Miami Heat te byen jere 4 trièm kadè a pou -l ranpòte yon viktwa tou mens devan Cleveland Cavaliers 98 a 92-swa 11 zièm viktwa pandan 12 rankont. Chanpyon sòtan an San Antonio Spurs te monte yon maswife avan li kale Houston Rockets 88 a 81--viktwa ki mete l a egalite ak Dallas Mavericks nan tèt konferans de Lwès la apre Dallas subi yon defèt 85 a 80 devan Sakramento Kings. Toronto Raptors, Boston Celtics, Seattle Supersonics ak Philadelphia 76eryo tout ranpòte la viktwa.

Chanpyona basketball Univèsitè yo ki rele Mas an Foli ap kòmanse semen sa a. Univèsite Duke se tèt de seri numewo 1 e pral nan rejyon Atlanta a apre yo ranpòte chanpyona Konferans Atlantik la. Univèsite Maryland pap patisipe nan tounwa a-donk yo elimine. Univèsite Konecticut la se tèt de seri brakèt Washington nan. Villanova se tèt de seri braket Minnesota a epi Memphis se tèt de seri braket Oakland la. Chanpyona a ap demare demen. Final la fikse nan Indianapolis, Indiana le 3 Avril. Nan Atlanta Jedi Duke ap rankontre ak Southern University epi George Washington pral mate balon fas a NC-Wilmington.

Genyen Syrakuz ap jwe kont Tekzas A and M epi LSU kont Iona. Indida kont San Diego. Gonzaga kont Xavier. Marquette kont Alabama. UCLA kont Belmont. 2 zièm tou a fikse pou Samdi. Vandredi West Virginia kont Southern Illinois.. Iowa kont Northwestern State. Kalfòni kont North Carolina State. Tekzas kont Pennsylvania. Memphis kont Oral Roberts. Arkansas kont Bucknell. Pittsburg kont Kent State. Kansas kont Bradley. Indiana kont San Diego State. Gonzaga kon 2 zièm tou a fikse pou Dimanch. Match sa yo ap jwe nan rejyon Atlanta ak Oakland jus nan sem final la. Match ki fikse nan rejyon Washington D.C ak Minneapolis gen ekip sa yo. Vandredi Connecticut kont Albany nan Philadelphia Kenturky kont Alabama-Birmingham. Washington kont Utah State nan Jedi.Nan San Diego Illinois kont Air Force. Michigan State kont George Mason nan Vandredi. J

edi Wichita State kont Seton Hall. Nan Greensboro N.C. Tennessee kont Winthrop. Villanova kont Monmouth-Hampton. Nan Philadelphia Arizona kont Wisconsin. Jedi Nevana kont Montana. Nan Salt Lake City Boston College kont Pacific Jedi. Nan menm jounen an Oklahoma kont Wisconsin-Milwaukee. Nan Jaksonville Florida kont South Alabama. Vandredi Georgetown Northern Iowa epinan Dayton, Ohio Ohio State kont Davidson. Venkè Jedi yo ap rankontre nan Samdi epi venkè Vandredi ap rankontre nan Vandredi-plis enfòmasyon nan jounal ameriken yo. Bote NCAA-a se posibilite yo univèsite enkonu kapote yon swa dizan gwo univèsite--sa rive nan plizyè skionstans.

Tennis

Espayòl Rafael Nadal kale Tchèk Jan Hernych 6-4, 6-4 nan premye tou tounwa tenis Indian Wells la kap dewoule nan Kalifòni. Bò kote meda m Justine Henin Hardenne fè 2 bouvhe ak Boulgar Tsvetna Pironkova 6-2 s 6-2 pou-l pase nan 2 zièm tou a.

XS
SM
MD
LG