Accessibility links

Breaking News

Ayiti: KEP a Fin Tande Ka Kontestasyon yo Men Li Mentni Rezilta Premye Tou a


Men prensipal pwen ki nan aktyalite elektoral la jodi 13 mas la:

Yon responsab nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a fè konnen enstitisyon an pa fè okenn chanjman nan rezilta yo malgre kontestasyon kandida malere yo fè apre premye tou 7 fevriye a. Dezyèm tou a fikse pou 21 avril. Korespondan nou Yves Mompremier gen deklarasyon Konseye Elektoral Pierre-Richard Duchemin.

Nan rejyon nò Ayiti kandida ki kalifye pou patisipe nan dezièm tou eleksyon yo lanse kanpay yo dapre yon korespondans Yvan Martin Jasmin depi vil Okap.

Aktivite elektoral yo rekòmanse nan sid Ayiti, pi presizeman nan vil Okay, malgre KEP a pa ko bay presizyon sou kanpay la. Korespondan nou nan rejyon an se Jean-Ernst Eliscar.

Oganizatè eleksyon yo an Ayiti anonse yo pran dispozisyon pou diminye distans elektè nan sant peyi a e nan kèk lòt zòn tap genyen pou yo franchi pou y'al vote 21 avril k'ap vini an, dapre yon korespondans Jn-Christophe Collègue depi vil Mibalè.

Pou w koute tout repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè tèks la.

XS
SM
MD
LG