Prezidan-eli ayisyen René Garcia Préval fè chita-tande ak Sekretè-deta ameriken an, Condoleezza Rice, nan kad vire-won msye Préval ap fè nan Amerik Latin nan.
Sous ki toupre lidè Lespwa a di rankont ak Chèf diplomasi amerikèn nan te dewoule sou divès pwen ki enterese Ayiti ak Etazini, kesyon sekirite, asistans pou devlòpman, men yo pat bay plis detay.
Pandansetan, nouvèl yo di René Préval pale tou nan peyi Chili ak plizyè lidè etranje ki te an vizit pou enstalasyon Prezidan Michele Bachelet a, pami yo Sid-Afriken Thabo Mbeki. Eske yo te abòde dosye Jn-Bertrand Aristide la? Pa gen repons pou kesyon sa a.
Pou w ka tande yon repòtaj konplè ak korespondan nou Rotchild François, Jr., fè klik sou ralonj ki anlè foto Prezidan Préval la.