Accessibility links

Breaking News

Klub Ameriken yo elimine nan Kar de Final KONKAKAF la


Football

Klub Meksiken Amerika danse sou klub Jamayiken Portmore United ak yon swif 5 a 2 nan kad kar de final retou chanpyona Konkakaf dè klub chanpyon ak vis chanpyon. 100 mil fanatik Meksiken te reyuni nan stad Azteka O Meksik pou kore viktwa ekip lokal la ki te deja ranpòte match ale a 2 a 1. Klub Meksiken Alajuelense ranpòte yon viktwa de justès 1 a 0 devan New England Revolution. Carlos Hernandez make yon gòl kou fran kèk sekond avan fen tan reglemantè a pou bay pèmèt ekip lokal la klase pou semi final la epi Los Anjeles Galaksi tonbe 3 a 2 an pwolongasyon fas ak Deportivo Saprissa ki pral rankontre ak klub Meksik Toluca nan semi final la. LD Alajuelense pral rankontre nan lòt semi final ak klub Meksiken Amerika.

Prezidan Los Anjeles Galaksi a Doug Hamilton mouri nan sa ki sanble yon kriz kadyak apre li te sot asiste defèt Los Anjeles Galaksi sotu subi devan Deportivo Saprissa

Tiraj osò kar de final Lig dè Chanpyon an dewoule Jodi a nan vil Pari an Frans ak venkè rankont Inter de Milan /Ajax Amsterdam ki gen pou rankontre ak Villareal. Benfica kont Barselòn. Arsenal kont Juventus.Olympic Lyonè kont Milan AC Kar de final Ale a ap jwe le 28 e 29 Mas-Match retou a fikse pou 4 e 5 Avril. Semi final la ki fikse pou 18 e 19 Avril ak match retou a 25 e 26 Avril lè venkè Arsenal/ Juventus kont venkè Inter-Ajax/ Villareal. Lot semi final la pral mete fas a fas venké Olenpik de Lyon/Milan AC fas ak venkè Benfica/Barselòn.

Chanpyon sòtan koup du mond football feminen Almay tronse Findland 5 a 0 nan group A koup Algarve la kap dewoule nan Portugal. Etazuni ki ranpòte konpetisyon an 3 fwa fè match nul 0 a 0 ak la Chin nan group B a. Nan lòt rankont la Frans fè match nul 2 a 2 ak Danmak. Norvèj fè match nul ak la Swèd 0 a 0. 11 peyi ap patisipe nan konpetisyon an. venkè chak group yo ap rankontre nan final konpetisyon ki fikse pou 15 Mars.

Klub football Alman Hamburg ak Shalke 04 subi yon defèt nan match ale 16 zièm de final koup UEFA a. Rapid de Boukarès supran Hambourg ak yon viktwa 2 a 0 pandan Shalke 04 tonbe devan klub Italyen Palerme 1 a 0. Nan lòt rankont Lille kale Seville a 1 a 0. Steaua de Boukarès fè match nul ak Real Betis. F C Bal tronse Strasbourg 2 a 0. Marseille tonbe devan klub Rus Zenit de Sent Petersburg. Middlebrough kale AS Wòm 1 a 0. Udinese fè match nul 0 a 0 ak Levski de Sofia. Match retou a fikse pou 15 ak 16 Mas.

Fanatik football Angle ki pral asiste koup du mond football la an Almay dwe gen yon bon konpòtman pandan dewoulman konpetisyon an. Otorite britanik yo ap deplwaye 79 polisye ak 4 avoka pou travay ansanm ak otorite alman yo pou mete lòd nan alantou stad yo nan trenen ak nan pò yo.

NBA

Carmelo Anthony make 29 pwen nan viktwa 97 a 93 Denver Nuggets ranpòte devan Philadelphia 76ers. Dallas Mavericks bimen Portland Trail Blazers 109 a 92. San Antonio Spurs mete fen nan 11 viktwa Phoenix Suns sot ranpòte nan NBA gras ak yon viktwa 117 a 93.

Atletisme an Sal

Chanpyona du mond Atletis ap demare jodi a nan vil Moskou. Rus Yelena Isinbayeva ak kourè Etyopyen Kenenisa Bekele figure pami favori atlèt kap soti nan 133 peyi.

XS
SM
MD
LG