Direktè-Jeneral Konsèy Elektoral Provizwa a, Jacques Bernard, retounen Pòtoprens e, nan yon kontak ak yon radyo prive, li konfime ke li pral rekòmanse travay nan aparèy elektoral la. Jacques Bernard, ki di li pat patisipe nan deliberasyon ki te debouche sou pwoklamasyon René Préval kòm Prezidan depi nan premye tou vòt la, te oblije sove kite Ayiti akòz menas li di 2 manm KEP a [Pierre-Richard Duchemin ak Patrick Féquière] te fè kont lavi li. Enkoni te sakaje yon fèm Msye Bernard anvan li te kite Ayiti.
Fè klik sou ralonj ki anlè premye paragraf la pou w ka koute yon interview Jacques Bernard te ban nou 27 fevriye, pandan li te nan Washington, DC