Football
FIFA anonse jwè 32 peyi kap patisipe nan koup du mond Almay 2006 la pral subi ekzamen medikal pou wè si yo pa gen oken pwoblèm kadyak. Anons la ki fèt jodi a nan Dusseldorf an Almay rive 3 zan apre mitan teren seleksyon Kameroun nan Marc Vivien Foe te mouri pandan koup Konfederasyon an an 2003. FIFA gen plan pou gen nan tout stad yo aparèy ki kapab aktive kè yon jwè ki ta gen pwoblèm kadyak pandan dewoulman yon match football. FIFA di doktè tout peyi patisipan yo siyen dokuman sou prevansyon medikal ak mezu anti dopaj.
Prezidan FIFA a Sepp Blatter fè konnen li tap pibon si òganizasyon Football Entènasyonal la te fè aranjman pou vann tikè yo akoz komite òganizatè a mete sou pye yon sistèm ki difisil pou konprann. Oganizatè yo di sistèm nan kapab elimine fo tikè menm lè Blatter kwè li pral kreye liy disèt longè devan stad yo.
Klub Angle Sunderland ki klase an dènye pozisyon nan chanpyona, revoke antrenè a epi non-men nan pòs la Kevin Ball pou 10 dènye rankont yo. Ekip la gen sèlman 10 pwen apre 28 rankont. Responsab klub football angle Arsenal manifeste entansyonn pou l pwolonje kontra football Franse Robert Pires pou yon periòd ki pa depase yon lane. Pires vle yon kontra plis pase yon lane.
FC Barselòn ap pare yon po kann ak tout foumi lè lap rankontre an espay ak klub Angle Chelsea nan kad match retou 8 tièm de final chanpyona Lig dè chanpyon Europeyen an. Barselòn te ranpòte match ale a 2 a 1 nan yon match gason pa kanpe. Klub franse Lyon, ki te pase PSV Eindovhen 1 a 0 nan match ale a, pati favori akondisyon yo fè yon nul. Situasyon an pi difisil pou Real Madrid ki dwe kale Arsenal apre yo te pèdu match ale a 1 a 0.. Juventus de Turen, ki te kale Werder de Brem 3 a 2 dwe fè plis efò pou l ranpòte match retou a.Situasyon an diferan pou klub espayòl Villa Real ki te fè match nul 2 a 2 nan match ale a ak Glasgow Rangers.
Tennis
Swis Martina Hingis rezon ki te fè l soti nan retrèt li se te pou l te ranpòte tounwa tenis Roland Garos la ke li pa janm ranpòte nan karyè l. Hingis ranpòte tounwa Open Ostrali a 3 fwa, yon Wimbledon ak yon US Open
James Blake te bezwen 3 manch 7-5, 2-6, 6-3 pou l kale Ostralyen Lleyton Hewitt e ranpòte tounwa tenis Open Channel ki tap dewoule nan Las Vegas Nevada. Alman Anna Lena Groenefeld ak Peruvyen Luis Horna se nouvo tounwa tenis Open Meksik la ki tap dewoule nan Akapulko.
NBA
Boris Diaw make 24 pwen-trape balon an 10 fwa e fè 10 pas ki make pwen nan viktwa 115 a 107 Phoenix Suns ranpòte devan Dallas Mavericks nan konferans de Lwès-la. Stephen Jackson make yon 2 pwen kèk sekond avan fen tan reglemantè a pou ede Indiana Pacers ranpòte yon viktwa de justès 94 a 93 devan Philadelphia 76ers. Yao Ming make 32 pwen pou ede Houston Rockets tronse Portland Trailblazers 102 a 84. Lòt ekip ki ranpöte la vikwa Washington Wizards, Minnesota Timberwolves, Toronto Raptors, Clevelanda Calvaliers ak Memphis Grizzlies.
Kobe Bryant figure sou lis 21 jwè nan NBA ak Univèsite a ki kapab patipise nan koup du mond basketball o Japon. Ekip la gen pou l redui a 15 avan li diminye kantite a a 12 jwè an Out.
Ciclisme
Siklis ameriken Bobby Julich ap pote mayo jòn apre li ranpòte premye etap kous bisiklèt Paris-Nice la.