Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Ekonomi: Defi k'ap Tann Gouvènman Préval la


Menmsi Ayiti pa resevwa tout sa li te espere nan men donatè entènasyonal yo, ekip tranzisyon an pran bon nòt, an jeneral, pou fason li te travay sou gran dosye ekonomik yo. Sepandan, chomaj la toujou ap vale teren, pa kapab gen envestisman serye akòz degradasyon kondisyon sekirite yo depi ane 2004, koripsyon kontinye antrave pwogrè ak devlòpman nan sektè piblik la, anfen...tout yon seri eleman ki rann palmarès gouvènman Latortue mwen briyan ke sa l'ta swete.

Men, tankou anpil analis fè remake, pwoblèm Ayiti yo pat kòmanse an 2004 e, san di pètèt, yo papral kaba nèt nan 5 ane k'ap vini yo, 5 ane Préval yo (dezyèm manda prezidansyèl li).

Kesner Pharel, ki se yon ekonomis e yon obsèvatè atantif sitiyasyon politik ak sosyal la ann Ayiti kwè gen plizyè aksyon Prezidan Préval pral genyen pou l'poze tousuit pou kalme kèk lespri ki antchoutchout akòz fason li te mennen kanpay li epi aranjman ki te pèmèt li ranpòte prezidans la depi nan premye tou, nan dat 16 fevriye 2006.

Pou w ka tande bèl rale Msye Pharel fè sou Lavwadlamerik konsènan defi ekonomi ki devan Ayiti kounye a, fè klik sou ralonj ki anlè premye paragraf la.

Si ou gen kòmantè pa ezite ekri nou palapòs [330 Independence Ave. SW, Room 3520, Washington, DC 20237, USA] oubyen sou sit sa a menm, ak yon kouryèl [cdorcil@voanews.com]

XS
SM
MD
LG