Accessibility links

Breaking News

Vancouver ap Oganize Pwochen Je Zolenpik Divè yo


Je Zolenpik Dhiver

20 tièm edisyon je zolenpik dhivè yo fini ofisyèlman yè dimanch la ak yon seremoni djak sou djak. Valentino Castellani, responsab komite òganizatè a rekonèt se te yon gran fèt spòtif. Nou aprann fair play ak respè pou advèsè w se gran valè pou evenman fantastik sa a ke nou sot pase ansanm. Artist tankou tenor Italyen Andrea Bocelli, Ricky Martin ak chantè rock Kanadyen Avril Lavigne te patisipe nan seremoni klotu konpetisyon an ki te dure 17 jou ak Almay ki ranpòte yon total 29 meday--Etazuni 25 meday epi Otrich 23 meday. 21 nièm edisyon an ap dewoule nan Vancouver O Kanada.

NBA

Paul Pierce make yon panye nan fen tan reglemantè a pou ede Boston Celtics ranpòte yon viktwa de justès 112 a 111 devan Los Anjeles Lakers malgre Kobe Bryant make 40 pwen e rate yon panye ki te kapab bay Lakers yo la viktwa.. Minnesota Timberwolves kale Memphis Grizzlies 105 a 99 malgre Kevin Garnet te resevwa yon katon wouj pandan rankont la akoz lite voye balon an nan publik la. Detroit Pistons kontinye ap byen men-nen nan NBA a apre yo tronse Cleveland Cavaliers 90 a 78 epi mete pèfòmans yo ak 44 viktwa 9 defèt. Indiana Pacers, Huston Rockets ak New Orleans Hornets yo tout ranpòte la viktwa.

Tennis

Alman Rainer Schuttler suprann espayòl David Ferrer 2-6, 6-3, 7-5 nan ouvètu tounwa tenis Open Dubai la kap dewoule nan Emirat Arab Uni yo. Rus Igor Andreev te bezwen 3 manch pou l elimine Italyen Andreas Seppi 7-6, 1-6, 6-4. Britanik Tim Henman kalifye pou 2 zièm tou a apre li pase espayòl Feliciano Lopez 6-2, 7-6. Tchèk Robin Vik pat gen pwoblèm pou l kale Sèb/Montenegren Jankc Tipsarevic 6-2, 6-4.Slovak Ivo Klec wouze Italyen Daniele Bracciali 6-4, 6-4.

Alman Tommy Haas ranpòte tounwa tenis Morgan Keegan nan kap dewoule nan Memphis apre viktwa swedwa Robin Sodering 6-3, 6-2. Haas, Swis Roger Federer ak Kwat Ivan Ljubicic rete sèl jwè ki ranpòte 2 trofe juska prezan pou sezon an. Bò kote meda m yo swedwa Sofia Arvidsson ranpòte kategori meda m yo Samdi apre li kale Polonè Marta Domachowska 6-2, 2-6, 6-3.

Espayòl Lourdes Dominguez-Lino woule Italyen Flavia Penneta ak kout rakèt 7-6, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis Asosyasyon Tenis Copa Colsanitas ki tap dewoule nan Bogota Kolonbi.

Tchèk Radek Stepanek pase Bèlj Christopher Rochus yon swif 60, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis ABN Amro ki tap dewoule nan Rotterdam an Oland.

Football

A 100 jou kou danvwa koup du mond almay 2006 la preparatif ap rapousib nan 12 stad ki pral akeyi 64 rankont konpetisyon an soti 9 Jwen pou rive 9 Juyè ak patisipasyon 32 ekip malgre kèk pwoblèm sekurite. Tout seleksyon yo deja chwazi kan dantrenman eksepte Ukrèn ki chwazi yon vil nan ansyen Almay de Lès la. Òganizatè yo ap tann anviwon 3 milyon vizitè kap deplasman an nan sikonstans la. Prezidan komite òganizatè a Franz Beckenbauer vizite tout 32 peyi kalifye pou faz final la.

Yon lòt kote franse Zinedine Zidane fè konnen li pa vinn plezante nan seleksyon franse a. Objektif li se ale jusko bou sa vle di ranpòte koup du mond la. Real Madrid ki klase 3 zièm nan chanpyona Espayòl la tonbe devan Real Majorque 2 a 1 yè Dimanch la apre yo sot ranpòte 6 viktwa afile.

Footbalè brezilyen Ronaldinho pap sou teren an Mèkredi pwochen lè Brezil ap rankontre ak la Rusi akoz yon blesu nan cheviy li te resevwa nan okazyon rankont Barselòm kont Chelsea pou 8 tièm de final Lig dè chanpyon Europeyen an. Match sa a se dènye rankont amikal Brezil ap jwe ap yo publiye lis 23 jwè ki pral reprezante peyi a nan koup du mond almay 2006 la. An Itali viktwa 2 a 0 AS Wòm sot ranpòte devan Lazio fè l tounen premye klub Italyen ki ranpòte 11 viktwa afile.

Ciklisme / Armstrong

Yon fwit nan yon dokuman konfidansyèl kal jwen jounal spòtif franse l’Ekip ki ta vle fè konprann ameriken Lance Armstrong ta konsome steroyid sanble li pi grav ke moun te konprann. Asosyasyon Entènasyonal Siklis Entènasyonal la di yon manb enstitusyon an renmèt dokuman bay jounal la an 1999. Asosyasyon an di ankèt entèn revele jounal la resevwa 15 fòm.

Atletisme

Kourè de fon Ameriken Terrence Trammell ranpòte 3 zièm tit nan konpetisyon an sal kous 60 mèt Hè. Trammell ak reprezante Etazuni nan kous 60 mèt obstak ak kous 60 mèt pandan chanpyona du mond Atletis ki gen pou dewoule nan vil Moskou soti 10 pou rive 12 Mas.

XS
SM
MD
LG