Accessibility links

Breaking News

Klub Jamayiken fè yon Fo Pa nan Kar de Final Chanpyona KONKAKAF la


Football

Klub Meksiken Amerika te bezwen 2 gòl pou l kale klub Jamayiken Portmore United 2 a 1 nan kad kar de final ale chanpyona Konkakaf dè klub chanpyon ak vis chanpyon.

Tennis

Prensipal tèt de seri e chanpyòn Open Ostrali ane sa-a, fransèz Amelie Mauresmo elimine nan kar de final tounwa tennis Open Dubai-a, kap dewoule nan Emirat Arab Uni. Mauresmo pèdi devan russ Svetlana Kuznetsova 7-6, 6-4. Nan demi-final-yo, Kuznetsova pral kwaze rakèt ak bèlj Justine Henin-Hardenne ki elimine an sèt afile tèt de seri numewo 7-la, italyèn Francesca Schiavone (6-4, 7-6) Antretan, tèt de seri numewo 3-a, russ Maria Sharapova kale suisse Martina Hingis 6-3, 6-4. Sharapova dwe rankontre ak numewo 3 mondyal-la, amerikèn Lindsay Davenport--ki te oblije jwe 3 sèt anvan’l voye russ Maria Kirilenko remise à ses parents. SPORTS;DUTCH

Tèt de seri numewo 2 konpetisyon tennis ABN Rotterdam-nan, nan peyi Olande, russ Nikolay Davidenko ak Bèlj Christophe Rochus kalifye pou demi-final tounwa-a. Davidenko kale italyen Daniele Bracciali û-4, 6-2. Russ-la prla rankontre ak venkè match ki dwe dewoule nan Tchèk Radek Stepanek ak Serbo-Montenegren Novak Djokovic-la. Rochus kale an sèt afile britanik Arvind Parmar (6-3, 6-3). Rochu kapab kwaze rakèt ak gayan match ant jèn frè li-a Olivier Rochus ak fenlandè Yarkko Nie-minen.

Polonèz Marta Domachowska supran ameriken Laura Granville pou l kalifye nan final tounwa tenis Memphis Tennessee a gras ak 2 kout rakèt 6-4, 6-4. Manmzèl pral rankontre ak ameriken Jill Craybas jodi a nan semi final tounwa an. Craybas elimine ameriken Lilia Osterloh 6-4, 6-1. Swedwa Sofia Arvidsson ap rankontre ak ameriken Amy Frazier nan lòt semi final la.

Bò kote mesye yo britanik Andy Murray kalifye pou kar de final la apre li remonte yon defisi pou l kale Sud Afriken Rik de Voest 7-6, 3-6, 7-5. Franse Julian Benneteau kalifye pou kar de final tounwa a apre li suprann bonanj bèlj Xavier Malisse ak yon viktwa 7-6, 6-4. Alman Tommy Haas, Bèlj Kristof Vliegen, Swedwa Robin Soderling, Chilyen Paul Capdevill ak Rus Dmitry Tursunov yo tout kalifye pou kar de final tounwa a.

NBA

Dallas Mavericks ranpòte 13 zièm viktwa l yè swa apre li kale Memphis Grizzlies 97 a 87 gras ak 31 pwen alman Dirk Nowitzki make pandan ke Jason Kidd kore viktwa a ak 23 pwen. Dallas Mavericks gen yon palmarès 43 viktwa 11 defèt nan konferans de Lwès-la dèyè Detroit Pistons kap men-nen ak 44 viktwa 9 defèt nan konferans de Lèsla. Detroit ranpòte yon viktwa tou mens kont Indiana Pacers 88 a 83. Kobe Bryant make 36 pwen ak 10 pas ki make pwen pou ede Los Anjeles Lakers danse sou Sakramento Kings 106 a 85--2 ekip yo ap goumen pou 8 tièm plas nan konferans de Lwès la.

Je Zolenpik

Almay kontinye ap domine nan tablo meday yo apre 13 jou je zolenpik divè kap dewoule nan vil Turen an Itali ak yon total 24 meday pami yo 9 meday an ò. Alman yo devan Otruch ki gen 8 meday an ò, 6 an arjan ak 5 an bronz answit nou jwen la Rusi ak 8 meday dò, 3 arjan ak 8 bronz. Etazuni klase 4 trièm ak 7 meday an ò 8 an arjan ak 5 an bronz--Kanada, la Swis ak la Swèt yo chak gen5 meday dò.

XS
SM
MD
LG