Accessibility links

Breaking News

Beckenbauer ta Renmen Brezil Oganize Koup du Mond la an 2014


Football

Prezidan komite òganizatè koup du mond Almay 2006 la Franz Beckenbauer di li pare pou l kore kandidatu Brezil pou l ta òganize koup du mond la an 2014. Beckenbauer ki te pran la pawòl nan Rio de Janeiro an prezans prezidan Federasyon Brezilyen an Ricardo Texeira, di li kapab sèvi kòm konseye. Dapre sistè m rotasyon an koup du mond 2014 la ta dwe dewoule an Amerik du Sud.

Antrenè Brezil la Carlos Alberto Parreira anonse lap pran retrèt li si Brezil ranpòte 6 zièm tit koup du mond li an Almay. Parreira te nan tèt seleksyon Brezil la pandan 93 fwa ak yon palmarès 48 viktwa, 34 defèt ak 11 nul. Prezidan klub Italyen Milan AC Adriano Galliani fè konnen lap akeyi ak bra louvri footbalè brezilyen Ronaldo. Deklarasyon sa a fèt apre Ronaldo te manifeste entansyonn pou l kite klub Madrilè n-nan nan fen sezon an akoz mank konfyans fanatik yo.

Antrenè seleksyon Japon an Brezilyen Zico gen pou l asiste rankont Le Man pral jwe kont Saint-Etienne pou -l kapab obsève entènasyonal Nippon Daisuke Matsui. Zico deja konvoke Matsui pou vinn patisipe nan rankont amikal Japon gen pou jwe kont Bosni- Herzegovin 28 Fevriye nan Dortmund an Almay.

Seleksyon Nasyonal maskulen ameriken an anonse lap jwe dènye match amikal chofe jarèt li fas a Jamayik nan Cary, Karolin du Nò. Dapre antrenè Bruce Arena rankont la enpòtan akoz li pral detèmine jwè ki pral fè pati seleksyon nasyonal kap patisipe nan koup du mond Almay 2006 la. Antrenè Arena anonse li pral ajoute jwè kap evolye sou kontinan Europeyen an pou 2 pwochen rankont lap gen pou l jwe kont la Polòy ak seleksyon Alman an le 1 ak 22 Mars-2 rankont kap jwe an Almay.

Footbalè brezilyen Adriano, kap jwe nan Inter de Milan, ap rate 2 rankont nan chanpyona premyè divizyon Italyen an, apre li te bay yon lòt footbalè yon kalòt pandan yon rankont. Adriano ap rate rankont Inter de Milan gen pou jwe kont Udinese ak AS Rom. Real Madrid tonbe devan Arsenal 1 a 0 nan kad match ale 8 tièm de final lig dè chanpyon Europeyen an. Benfica Lisbòn kale Liverpool 1 a 0. Milan AC fè match nul 1 a 1 fas a Bayern de Munich.

Federasyon Football Togolè a non-men alman Otto Pfister koèm nouvo antrenè ekip la nan plas Stephen Keshi ki te revoke semen pase a apre seleksyon an te elimine nan premye tou Koup dAfrik dè Nasyon an

Tennis

Rus Nikolay Davydenko elimine Britanik Greg Rusedski 6-4, 6-1 pou l kalifye pou kar de final tounwa tenis Open ABN-Amro kap dewoule nan Rotterda m. Findlandè Jarkko Nieminen elimine Kwat Mario Ancic 7-5, 7-6.

Numewo 1 tenis mondyal feminen an franse Amelie Mauresmo ak numewo 3 mondyal la ameriken Lindsay Davenport kalifye pou kar de final tenis Open Dubai la. Rus Maria Sharapova ap rankontre ak Swis Martina Hingis nan kar de final la. Italyen Francesca Schiavone kalifye pou kar de final la.

Ameriken Andy Roddick ranpòte premye viktwa l nan tounwa tenis Morgan Keegan kap dewoule nan tounwa tenis Tennessee pou l al rankontre ak Ostralyen Wayne Arthurs nan 2 zièm tou a.

Arjanten Gatston Gaudio kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Open Sao Paolo a apre li elimine espayòl Albert Portas 6-3, 3-6, 6-3.

NBA

Lebron James make 26 pwen pou ede Cleveland Cavaliers wouze Orlando Majik ak yon viktwa 105 a 92 nan moman 2 zièm mwatye sezon an kòmanse. Detroit Pistons kontinye ap byen men-nen nan chanpyona a apre yo woule Atlanta Hawks 97 a 87. Jason Kidd te kontribye nan viktwa tou mens New Jersey Nets ranpòte devan Milwaukee Bucks 89 a 85. San Antonio Spurs pat gen pwoblèm pou l woule Seattle Supersonics 103 a 78.

Washington Wizards remonte yon defisi pou l kale Minnesota Timberwolves 90 a 78. Memphis Grizzlies ranpòte yon viktwa tou mens devan Toronto Raptors 94 a 88.Denver Nuggets pat rankontre oken difikilte pou l kale Charlotte Bobcats 100 a 84 gras ak 24 pwen Carmelot Anthony make. Kobe Bryant make 27 pwen pandan ke Lamar Odom ajoute 20 pwen pou ede Los Anjeles Lakers tronse Portland Trailblazers 99 a 82. Indiana Pacers koule Charlotte Hornets 97 a 75. Dallas Mavericks te fè anpil efò avan li kale Los Anjeles Clippers 93 a 91. Boston Celtics te fè anpil efò avan li kale Utah Jazz 103 a 93 epi Sakramento Kings danse sou State Warriors 102 a 77.

XS
SM
MD
LG