Accessibility links

Breaking News

Pap gen Final nan Stad Wembley a Ane sa a


Wembley Stadium

Konpayi Ostralyen kap konstrui nouvo stad Wembley a an Angletè fè konnen final koup Federasyon an pap kapab dewoule nan stad la 13 Me. Donk final la pral dewoule nan stad Millenium Cardiff la.

La tè pral tranble sou kontinan Europeyen an nan okazyon match ale 8 tièm de final Lig dè chanpyon Europeyen an lè Real Madrid ap rankontre ak Arsenal epi Bayern de Munick kont Milan A.C. Nan lòt rankont klub franse Lyon ap rankontre ak klub Olandè PSV Eindhoven epi Liverpool pral tope kòn li kont Benfica de Lisbon.

OLYMPICS

Almay toujou nan tèt klasman meday yo nan je zolenpik Divè kap dewoule nan vil Turen an Itali. Alman yo gen yon total 18 meday pami yo 7 an ò. Answit nou jwen Otruch ak Etazuni ki pataje 2 zièm plas la. La Rusi, Kore du Sud, Itali, Frans, Kanada ak Letoni ki gen 3 meday dò yo chak.

Tennis

Franse Cyril Saulnier kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Morgan Keenan nan ann Memphis Tennessee apre li elimine espayòl Guillermo Garcia Lopez 6-3, 6-4. Chilyen Paul Capdeville supran espayòl Tommy Robredo 4-6, 7-6, 6-4. Ameriken Andy Roddick se tèt de seri numewo 1 tounwa a. Bò kote meda m yo ameriken Amy Fraziera, Shenay Perry, Ashley Harkleroad, Rus Yaroslava Shvedova, , Danwa Caroline Wozniacki yo tout kalifye pou pwochen tou a.

Rus Anastasia Myskina ranpòte match douvètu tpunwa tenis feminen Open Dubai la apre li pase chinwa Zheng Jie 3 kout rakèt 6-3, 6-7, 6-1. Rus Vera Douchevina ak Elena Likhovtseva kalifye pou pwochen tou a.

XS
SM
MD
LG