Accessibility links

Breaking News

Baltimore Sen Mak Ranpòte Seri Ale Chanpyona Football la an Ayiti


Haiti/ Football

Baltimore de Sen Mak ranpòte seri ale sezon regulye chanpyona football ayisyen an dapre yon korespondans Yves Mompremier depi Orlando, Florid.

Club Danwa Viborg kale yon seleksyon ayisyen 4 a 3 yè Dimanch la nan Lokardh Stadium nan Fort Lauderdale-- antrenè Nono Jean Baptiste pran yon katon wouj nan rankont la ki te gen 3 penalite. 2 mil fanatik te fè deplasman pou rankont la.

Seleksyon football ameriken an woule Gwatemala 4 a 0 nan kad yon rankont chofe jarèt ti mesye tonton Sam yo patisipe nan koup du mond Almay 2006 la. Etazuni ap jwe pwochen rankont li kont la Polòy le 1 Mas.

Tennis

Rus Nikolay Davydenko te bezwen 2 manch pou l kale Tchèk Jan Hernych 6 -3, 6-3 pou l kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis ABM AMRo a kap dewoule nan la Oland.Britanik Greg Rusedski te bezwen 2 kout rakèt pou kale Tchèk Robin Vik 6-3, 7-5. Franse Gilles Simon elimine Sud Afriken Wesley Moodie 6-3, 6-7, 6-3 pou l pase nan 2 zièm tou a. Adolesan espayòl Amelie Mauresmo ak Swis Roger Federer pap patisipe nan tounwa a.

Gen yon kous nan klasman jeneral tenis pwofesyonèl la pou pòs numewo 1 mondyal la ki publiye jodi a. Bèlj Kim Clijsters toujou numewo 1 ak yon total 3 mil 566 pwen devan franse Amelie Mauresmo ki gen 129 pwen an mwens.

Basketball

Konferans de Les la remonte yon defisi 21 pwen pou l kale Konferans de Lwès la 122 a 120 nan kad 55 kièm edisyon rankont pibon pami pibon jwè nan 2 konferans yo. Lebron James kap jwe nan Cleveland Cavaliers ki gen 21 an, tounen pi jè n jwè ki resevwa pri pibon pami pibon jwè nan rankont la. Konferans de Lès la gen yon palmarès 35 viktwa 20 defèt devan Konferans de Lwès la.

Je Zolenpik

2 patinè atistik nòdik ki nan ekip Olenpik divè Otruch la ekspulse nan ekip la e youn pami antrenè yo revoke apre desant de lye la polis Italyen te fè nan vilaj olenpik atlèt yo.

Almay pase devan Etazuni nan tablo meday je zolenpik divè kap dewoule nan vil Turen an Itali apre 9 jou konpetisyon. Alman yo kolekte 7 meday dò pou yon total 18 meday-7 meday darjan ak 4 meday de bronz. Etazuni gen 7 meday dò tou men yo gen 4 meday darjan ak 2 meday bronz swa yon total 13 meday. La Rusi klase 3 zièm ak 6 meday dò--2 arjan ak 5 bronz. Otrich gen 4 meday dò. Kore du Sud, Itali, la Frans, Letoni yo chak gen 3 meday dò.

Konpetisyon an ap antre nan 10 zièm jounen ak 5 meday an je.

Tennis

Adolesan jwè tenis Britanik Andy Murray pase Ostralyen Lleyton Hewitt pou l ranpòte tounwa tenis an sal San Jose Kalifòni--2-6, 6-1, 7-6.

Espayòl Carlos Moya monte yon maswife avan li kale Italyen Filipo Volandri 7-6, 6-4 pou l ranpòte koup Telemex la ki tap dewoule nan Buenos Aieres an Arjantin.

Franse Arnaud Clement te fè kè fanatik yo kontant apre li pase Kwat Mario Ancic 2 kout rakèt pou l ranpòte tounwa tenis Marseille la.

Italyen Maria Santangelo kenbe an echèk Kwat Jelena Kostanic pou l ranpòte tounwa tenis feminen ki tap dewoule an End sou yon skò 3-6, 7-6, 6-3.

Franse Amelie Mauresmo te bezwen 3 manch pou l kale Bèlj Kim Clijsters 3-6, 6-3, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis Open Anvèrs la.

Ameriken Venus ak Serena Williams pap patisipe nan tounwa tenis Open Dubai la an Emirat Arab Uni yo akoz blesu.

XS
SM
MD
LG