Accessibility links

Breaking News

Christian Rousseau: Ayiti-Eleksyon...Yon Viktwa Pou Lapè Men Pa Pou Demokrasi


Pwofesè Christian Rousseau, ki se yon ansyen manm "Conseil des Sages" la nan peyi d Ayiti reyaji sou desizyon Konsèy Elektoral la pran douvanjou jedi 16 fevriye 2006 la pou li pwoklame René Garcia Préval, kandida Platfòm Lespwa a, Prezidan depi nan premye tou.

Tankou nou tande l' deja pètèt nan nouvèl yo, Prezidan KEP a, Max Mathurin, di Msye Préval fini ak 51, 15% apre yo deside trete bilten blan yo yon lòt fason, men selon sa Dekrè Elektoral la pèmèt yo fè.

Pou Pwofesè Rousseau, se yon desizyon pètèt pou lapè, paske beton an te chofe depi 5 jou nan Pòtoprens, sepandan li pa kwè se yon viktwa pou demokrasi.

Ou ka koute tout ti kozman sa a lè ou fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG