Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: René Préval Kontinye Bese Nan Rezilta yo


Jiska maten an Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a pat' ko anonse rezilta final eleksyon prezidansyèl 7 fevriye a. Rezilta pasyèl yo bay ansyen prezidan René Garcia Préval yon bèl avans sou ansyen prezidan Lesly François Manigat, men pa ase pou li evite yon dezyèm tou 19 mas kap vini an. Anfèt, Msye Préval menm pèdi teren, pa presizeman devan Manigat (ki pratikman rete an plas nan chif yo) men parapò ak maj 50%+1 li konvwate a.

Chif ofisyèl yo jiska yè se te 49 pousan anfavè Préval e 12 pousan pou Manigat. Sepandan maten an, sit Web KEP a te desann Préval nan 48%. Jean Robert Philippe se anvwaye spesyal nou nan Pòtoprens.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka tande repòtaj li a ansanm ak yon rale sou seri manifestasyon k'ap fèt nan vil pwovens yo (Okap, Okay, Mibalè elt.) kote patizan platfòm Lespwa a ap reklame viktwa Préval depi nan premye tou.

XS
SM
MD
LG