Accessibility links

Breaking News

Pou Rezon Sekirite KEP a Ranvwaye Piblikasyon Rezilta Eleksyon Prezidansyèl la


Apre anpil rete tann, bout-pou-bout KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) oblije ranvwaye piblikasyon rezilta eleksyon prezidansyèl la.

Anvwaye spesyal nou Jean Robert Philippe kite sant laprès otèl Montana a kote li di sekirite a pat bon dekwa pou responsab KEP yo ta prezante vin bay rezilta vòt 7 fevriye a.

Sepandan, pat gen okenn vyolans nan manifestasyon yo e foul la te aksepte kite lokal Montana a san twòp pwoblèm, men apre yo te fin joure byen joure paske anpil manifestan deklare se magouy KEP a ap fè pou fòse René Préval ale nan dezyèm tou anfas pwofesè Lesly Manigat.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w tande dènye repòtaj nou an.

XS
SM
MD
LG