Accessibility links

Breaking News

Cameroun Kalifye pou Kar de Final Koup dAfrik la


Kameroun kalifye pou kar de final Koup dAfrik dè Nasyon an kap dewoule an Ejipt gras ak yon swif yo pase Togo 2 a 0 nan group B a. Republik Demokratik Kongo fè match nul 0 a 0 ak Angola toujou nan menm group la. Jodi a Zanbi kale Guine 2 a 1 epi Tunizi kont Afrik du Sud nan group C a.

Lig football balonwon ameriken an chanje nom San Jose Earthquake pou l rele l kounye a Houston 1836--ane vil la te fonde. San Jose Earthquake, ki ranpòte chanpyona a 2 fwa, oblije kite zòn nan akoz pa gen anpil fanatik ki asiste rankont yo.

Tennis

Jwè tenis Chipriyot̀Marcos Baghdatis kalifye pou final tounwa tenis Open Ostrali a apre li remonte yon defisi 2 manch pou l kale arjanten David Nalbadian 3-6, 5-7, 6-3, 6-4, 6-4 nan yon semi final ki te chaje ak rebondisman. Bagdhdatis ap rankontre an final ak venkè rankont ant numewo 1 mondyal la Swis Roger Federer ak alman Nicolas Kiefer nan semi lot̀ semi final la ki fikse pou demen Vandredi. Franse Amelie Mauresmo ap rankontre ak Justine Henin Hardenne nan final tounwa a. Mauresmo kalifye apre li pase bèlj Kim Clijsters abandone rankont la pandan 3 zièm manch la. Hardenne rive nan final la gras ak 3 kout rakèt li pase Rus Maria Sharapova 4-6, 6-1, 6-4.

Jwè tenis Ostralyen Lleyton Hewitt pap reprezante peyi nan tounwa tenis Koup Davis la kont la Swis mwa pwochen an akoz yon blesu.

NBA

Richard Hamilton make 35 pwen. Chauncy Billups ajoute 23 pou ede Detroit Pistons ranpòte yon viktwa tou mens 106 a 102 an pwolongasyon devan Milwaukee Bucks. Viktwa a mete Detroit ak yon palmarès 35 viktwa 5 defèt. Nan lòt rankont Cleveland Cavaliers tronse Atlanta Hawks 106 a 97. Chikago Bulls pilon-nen Toronto Raptors 104 a 88. Bon rezulta pou Sakramento Kings ki kale New York Knicks 106 a 102. Washington Wizards ranpòte yon viktwa de justès devan Boston Celtics 89 a 87. San Antonio woule New Orleans Hornets 84 a 68. Houston Rockets danse sou Charlotte Bobcats 102 a 78. Menm situasyon an nou jwen pou Seattle Supersonics ki pat rankontre oken difikilte pou l kale Utah Jazz 113 a 94. Minnesota Timberwolves tonbe devan Memphis Grizzlies 107 a 87. Portland Trailblazers tonbe devan Denver Nuggets 97 a 94. Los Anjeles Clippers wouze New Jersey Nets 90 a 77. Dallas Mavericks te fè anpil efò avan li kale Golden State Warriors 102 a 93.

Indiana Pacers boukante Ron Artest ak Sakramento Kings an retou pou l jwen sèvis Peja Stojakovic ki soti nan Sèbi ak Montenegro.

XS
SM
MD
LG