Accessibility links

Breaking News

Kot Divwa Kalifye pou Kar de Final Koup dAfrik dè Nasyon an


Football

Koup d’Afrik dè Nasyon : Kote Divwa kale Libi 2 a 1 pou-l tounen premye kalifye nan konpetisyon-an . Nan gwoup A-a , Libi ta sanse elimine , men matematikman li rete yon ti chans zuit pounn repete ansyen prezidan-an. Pita ap genyen yon ejipt-Maroc.

Revelasyon ak akuzasyon ansyen mitan teren Marseyè Jean-Jacques Eydelie fè sou pratik douteuz klub-la sou rèy Bernard Tapi-A, kontinue ap domine aktualite-a an Frans e sou preske tout kontinan ewopeyen-an sutou ke ansyen maseyè-a presize preske tout ekip Marsèy-la te pran piku anvan match kote yo te kale Milan AC 1 a 0 nan yon final . Presyon kap fèt pouse Unyon Foutbòl ewopeyen-an anonse ke li pral ouvè yon ankèt. Anpil reaksyon tonbe . Bernard Tapie rejte akuzasyon sa-a e li anonse li pral trenen ansyen marseyè-a devan tribunal . Marcelle Desailly ki se yon ansyen maseyè deklare Eydilie bezwen swen , bezwen terapi paske msye pa tèm. Didier Deschanps , yon lòt aktè final Munik-la refuze fè deklarasyon sou akuzasyon Eydelie-yo .

Seleksyon nasyonal football angle a ap bezwen yon nouvo antrenè apre koup du mond almay 2006 la apre antant aktuèl antrenè a Sven Goran Eriksson jwen ak responsab yo pou l retire 2 zan. Erisksson, premye antrenè etranje ki pran tèt seleksyon Angle a, gen yon palmarès 34 viktwa, 15 nul ak 10 defèt.

Jwè tenis Chipriyot̀ Marcos Baghdatis kalifye pou semi final tounwa tenis Open Ostrali a apre viktwa supriz li ranpòte devan Kwat Ivan Ljubicic nan yon rankont gason pa kanpe 6-4, 6-2, 4-6, 3-6, 6-3. Baghdatis pral rankontre nan semi final la ak arjanten David Nalbadian ki te bezwen 3 manch pou l debarase l de franse Fabrice Santoro 7-5, 6-0, 6-0.

Ameriken Lindsay Davenport elimine nantounwa tenis Open Ostrali a fas a Bèlj Justine Henin Hardenne 2-6, 6-2, 6-3. Henin pral rankontre nan semi final la ak Rus Maria Sharapova ki elimine konpatriòt li Nadia Petrova 7-6, 6-4.

Ciclisme

A pati de 2007 kous bisiklèt Tour de Frans la ap demare nan vil Lond dapre anons majistra vil la Ken Livingstone fè jodi a. Lond ranpòte dwa pou konpetisyon an devan vil nan la Oland, La Swis ak Danmak.

NBA

Tracy McGrady make 41 pwen nan viktwa 97 a 80 Houston Rockets ranpòte devan Milwaukee. Atlanta Hawks remonte yon defisi 11 pwen pou suprann Indiana Pacers ak yon viktwa 104 a 94. Malgre viktwa Atlanta klase 29 vièm sou 30 ekip nan lig la. Los Anjeles Clippers remonte yon defisi 19 pwen pou ranpòte yon viktwa tou mens devan Golden StateWarriors 96 a 93. Boston Celtics danse sou New Orleans Hornets 91 a 78. Denver Nuggets pilon-nen Toronto Raptors 107 a 101 epi Utah Jazz danse sou New Jersey Nets 89 a 78.

XS
SM
MD
LG