Accessibility links

Breaking News

Swis Roger Federer Kalifye pou Kar de Final Open Ostrali a


Swis Roger Federer te bezwen 5 manch pou l debarase l de alman Tommy Haas 6-4, 6-0, 3-6, 4-6, 6-2. Federer pral rankontre ak Rus Nikolay Davydenko ki elimine Slovak Dominik Hrbaty 4-6, 4-6, 6-4, 6-2, 6-3. alman Nicolas Schieffer kalifye pou kar de final la apre li elimine arjanten Juan Ignacio Chela 7-6, 6-3, 6-3. Schieffer pral rankontre ak franse Sebastien Grosjean ki woule konpatriòt li ak kout rakèt Paul Henri Mathieu 7-5, 6-2, 6-2.

Franse Amelie Mauresmo kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Ostrali a gras ak 2 kout rakèt li pase adolesan Tchèk Nicole Vaidisova 6-1, 6-1. Mauresmo pral rankontre ak Swis Patty Schnyder ki woule ak kout rakèt Rus Anastasia Myskina 6-2, 6-1. Numewo 2 mondyal la Bèlj Kim Clijsters kalifye pou kar de final la apre viktwa an 2 manch li ranpòte devan Italyen Francesca Schiavone 7-6, 6-4. Klisjters pral rankontre ak Swis Martina Hingis ki elimine Ostralyen Samantha Stotsur 6-1, 7-6 -

Ostralyen Patrick Rafter ki ranpòte tounwa tenis US Open nan 2 fwa elu pou l fè pati koulwa entènasyonal selebrite yo. Rafter, ki fini karyè l ak 11 tit, tounen 24 trièm Ostralyen ki pral fè pati elit spòtif la. Seremini a ap dewoule nan New Port, Rhode Island 15 Juyè. Arjanten Gabriella Sabatini jwen nominasyonn tou.

Freddy

Freddy Adu tounen pi jè n jwè ki jwe pou seleksyon ameriken an ki fè match nul 0 a 0 ak Kanada yè Dimanch la nan San Diego Kalifòni. Seleksyon football feminen ameriken an woule la Chin 2 a 0 nan kad yon kwadrangulè kap dewoule an Chin. La Frans fè match nul 1 a 1 ak Norvèj pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Tunizyen dorijin Brezilyen Francileudo dos Santos make 3 gòl pou ede Tunizi kale Zambi 4 a 1 nan kad faz final koup dAfrik dè Nasyon an kap dewoule an Ejipt. Nan yon lòt rankont Guine tronse Afrik du Sud 2 a 0. Jodi a Nijerya ap rankontre ak Gana.

Antrenè seleksyon alman an Jurgen Klismann konvoke 28 jwè nan yon staj dantrenman 2 jou seleksyon nasyonal ap fè nan Dusseldorf nan fen mwa a. Klisman fè konnen pòt la louvri jus nan mitan mwa Me a. Klisman gen pou l elimine 5 jwè nan lis definitif la. Footbalè Franse Zinedine Zidane kap jwe nan Real Madrid fè konnen lap deside si wi ou non lap kontinye jwe football apre koup du mond Almay 2006 la.

Pittsburgh Steelers ap rankontre ak Seattle Seahawks nan final 40 tièm edisyon Superbowl la 5 Fevriye nan Detroit Michigan. Pittsburgh rive nan final apre yo bimen Denver Broncos 34 a 17 yè Dimanch la aloske Seattle, kap patisipe nan yon final pou la premyè fwa, woule Carolina Panthers 34 a 14. Houston Teksans anplwaye Gary Kubiakkòm nouvo antrenè ekip la apre yo fini sezon an ak 2 viktwa 14 defèt.

NBA

Kobe Bryant make 81 pwen pou ede Los Anjeles Lakers pilon-nen Toronto Raptors 122 a 104. Bryant ap talon-nen Wilt Chamberlain ki te make 100 pwen nan yon sèlman an 1962. Yon lòt bèl rankont Seattle Supersonics te bezwen 2 pwolongasyon pou l kale Phoenix Suns 152 a 149 nan yon rankont gason pa kanpe. Philadelpia 76ers ranpòte yon viktwa tou mens devan devan Minnesota Timberwolves 86 a 84. Washington Wizards pèdu devan Memphis Grizzlies 93 a 82.. Dallas Mavericks ranpòte yon viktwa an pwolongasyon devan devan Portland Trail Blazers 95 a 89.

XS
SM
MD
LG