Accessibility links

Breaking News

Ameriken Serena Williams Elimine nan Tounwa Tennis Open Ostrali a


Tennis

Ameriken Serena Williams elimine nan 16 zièm de final tounwa tenis Open Ostrali a devan Slovaki Daniela Hantuchova 6-1, 7-6. Hantuchova pral rankontre ak Rus Maria Sharapova nan 8 tièm de final la. Ameriken Lindsay Davenport kale anba redu Rus Maria Kirilenko 6-4, 4-6, 6-4 pou l al rankontre ak Rus Svetlana Kuznetsova. Responsab yo anule 5 lòt match akoz move tan.

Football

Seleksyon nasyonal foutbòl feminen Etazuni-an fè match nul 0-0 ak La France nan tounwa 4 nasyon-an kap dewoule nan vil Gwangzou, nan peyi La Chine. Nan lòt match-yo, La Chine kale nòvèj 3-1. Menm skò amerikèn-yo te bay nòvejyèn-yo mèkredi pase-a. La Chine ak La france te fè match nul 1 a 1. La Chine se peyi òganizatè Koup Du Monde Foutbòl feminen-an, ki dwe dewoule ane pwochèn-nan. La Chine ap jwe dimanch ak Lèzetazuni e nòvèj ap jwe ak La France.

Se anba gwo mezu koup dAfrik dè Nasyon an demare an Ejipt ak rankont òganizatè konpetisyon an ak Libi --yon rankont preske 75 mil spektatè asiste nan stad vil Kèr-la. Koup d’Afrik des Nasyon-an ap dure 3 semen avèk patisipasyon 16 meyè ekip kontinan-an. Spesyalis-yo konsidere Côte d’Ivoire, Cameroun ak Tunizi kòm favori. Demen Samdi a Maròk kont Kot Divwar. Kameroun kont Angola. Togo kont Republik Demokratik Kongo.

Tounwa a ap demare kèk jou apre prezidan FIFA a Sepp Blatter ta renmen pou plis peyi Afriken patisipe nan yon koup du mond. Blatter ki tap pale an prezans Konfederasyon Afriken an fè konnen plis peyi ki reprezante yon konfederasyon se plis chans konfederasyon sa a genyen pou l ranpòte konpetisyon an.

Atakan ekip Lens , ivwaryen Auna Din-dane ap kite seleksyon Nasyonal-la pou rantre an Frans apre lanmò youn nan pitit fil-yo yè Jedi. Aruna Din-dane te rive nan vil Kèr sa gen yon semèn nan kad preparasyon Koup Dafrik-la.

Yon lòt kote òganizatè koup du mond Almay 2006 la fè konnen fè konnen Bèlen kapab òganize pwòp fèt pa l malgre FIFA anule sware gala li ta pral òganize nan sikonstans la. FIFA di lap kontribye plis pase 1 milyon dola pou banbòch la. Move nouvèl pou Kot Divwa .

Federasyon Entènasyonal FIFA-a tranche an favè Saint-Etienne non konfli ant klub fransè-a ak Federasyon Tunizi-a nan zafè konvokasyon Alaedine Yahia pou seleksyon nasyonal-la nan okazyon Koup D’Afrik des Nasyon-an . Saint-Etienne te derefuze libere Yahia paske konvokasyyon fèt nan dènye moman --sa ki kontrè ak delè ke règleman FIFA-a bay . Yahia ta pral ranplase Karim Saidi ki blese.

NBA

Malgre Kobe Bryant make 51 pwen sa pa anpeche Los Anjeles Lakers pèdu an pwolongasyon 118 a 109 devan Sakramento Kings gras ak Mike Bibby ki make 40 pwen ak Kenny Thomas make 16 pwen ak 12 pas ki make pwen. Nan lòt rankont Detroit Pistons danse sou New York Knicks 105 a 79.

Lig Basketball Ameriken suspann Antonio Davis kap jwe nan New York pou 5 match apre msye te ale nan publik la pou l tal ede madanm li --li ke yon fanatik tap vire lòlòy nan graden an.

Football Ameriken

Detroit Lions anplwaye Rod Marinelli kòm nouvo antrenè ekip la. Saint Louis Rams anplwaye Scott Linehan pou dirije ekip la a pati de pwochen sezon an.

XS
SM
MD
LG