Accessibility links

Breaking News

Plizyè Dizèn Abitan Drouillard Ap Abandonen Zòn nan Apre Entèvansyon Twoup Minustah yo


Anpil moun kap viv nan Drouillard--yon katye ki nan antre nò kapital peyi Dayiti a, Port-au-Prince--abandonnen kay yo mèkredi 18 janvye a pou evite afwontman ant fòs misyon pou estabilizasyon Ayiti-a (Minustah) ak eleman ak zam ki sanble ta responsab lanmô madi pase 2 sòlda jòdanyen ki te fè pati kontenjan Nasyonzini an. Dapre yon abitan ki pale nan mikwo korespondan Jean-Max Blanc, 10 moun pou pi piti ta mouri nan lese-frape ak twoup l'ONU yo--yon enfòmasyon Lavwadlamerik poko rive konfime avèk responsab Nasyonzini yo an'n Ayiti. Men sous la pat kapab presize si viktim yo se sivil ou si se eleman ak zam ki te tire e touye militè jòdanyen yo.

Selon menm sous la, operasyon sa a, ki sanble ak yon zak reprezay mete sekirite abitan Drouillard yo andanje e se pou sa plizyè dizèn deside kite katye sa a. Antretan, peyi Brezil anonse li ranplase chèf misyon Nasyonzini jeneral Urano Teixira Da Matta Bacellar ki te touye tèt li 7 janvye dènye a nan Port-Au-Prince. Nan yon kominike li pibliye mèkredi, gouvènman brezilyen an fè konnen li nonmmen jeneral Elito Carvalho Siqueira kòm nouvo kòmandan twoup Minustah yo nan peyi Dayiti. Desizyon sa a tonbe apre jeneral Carvalho Siqueira te rankontre ak sekretè-jeneral l'Onu an, Kofi Annan.

Ale sou ralonj ki anlè atik la pou n' koute repòtaj Jean-Max Blanc an.

XS
SM
MD
LG