Accessibility links

Breaking News

Eske Eleksyon 7 Fevriye yo ap Kredib?


Pwovèb la di "wè pa wè, antèman pou katrè!" Nan ka Ayiti alèkile, nou ta di, "wè pa wè, eleksyon pou 7 fevriye!" Antouka, se sa otorite nan L'ONU, L'OEA, Konsèy Elektoral Pwovizwa a lese kwè. Poutan, gen yon kesyon ki merite tout atansyon nou: Eske eleksyon sa yo ap kredib? Eske y'ap merite konfyans pèp ayisyen an ak aktè ki sou sèn politik la, pou nou ka soti nan kontestasyon san fen, nan enpas ak kriz politik, e angaje peyi a toutbonvre sou wout devlòpman?

Nou te konsakre magazin nouvèl Ti Koze sou Aktyalite samdi 14 janvye a pou n'debat kesyon kredibilite eleksyon 2006 yo ann Ayiti. Envite nou se Pwof. Robert Fatton (Syans Po, University of Virginia), Jn-Tolly Voltaire, Ph.D. (Relasyon Entènasyonal), Carl Denis (Antreprenè e analis politik). Pou yon kout je sou dènye nouvèl elektoral yo, nou te gen jounalis Jn-Max Blanc ak Jean Robert Philippe.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka tande pwogram radyo sa a.

XS
SM
MD
LG