Accessibility links

Breaking News

FIFA Ranvwaye Gala Koup du Mond 2006 la


Football

Federasyon Entènasyonal Foutbòl-la, Fifa, anile sware gala Koup Du Monde 2006-la, ki pral dewoule nan peyi Almay akòz posibilite ki ekziste pou Stad Olempik Berlin pa gen tan pare pou premye match inogurasyon konpetisyon-an. Fifa te deja chanje dat-la, ki te 8 Juin / pou mete’l le 7---yon fason pou te kapab pèmèt teren-an “repoze” pou match inogurasyon-an ki fikse pou 13 Jen. Men kounye-a nan yon kominike yo pibliye, responsab-yo fè konnen òganize sware Gala-a “reprezante yo gwo risk pou dewoulman match-la; non sèlman akòz tan sa ap pran pou yo demonte tout enstalasyon ak ekipman-yo, men tou pou yo remete gazon sou teren-an---ki dwe an bon kondisyon pou konpetisyon-an. Sware Gala-a, te sipoze bay “coup d’envoi” Festival foutbòl sa-a ki pral d

ewoule pandan tout mwa jen-an. Atis ki ta pral monte sou podyòm-nan se chantè Peter Gabriel... soprano Jesse Norman ak gwoup Hip-Hop Blak Eyed Peas. Prezidan Fifa-a, Sepp Blatter, deklare desizyon pou anile sware-a ta konsa, se pa yon desizyon Like This Like That. Fifa di pa genyen ase tan kounye-a pou’l ta mande pou festivite-a al dewoule nan yon lòt vil. Tout moun, tankou Rodriguez Granpanpan!, Jean Robert ( CEO) ak Jacquelin (Le Reverend) ki te deja achte tikè-yo pou evènman-an kapab reklame lajan-yo. Fifa di li pa gen pànn

Koup dAfrik dè Nasyon an ap demare 20 Janvye kap vini la a an Ejipt apre tiraj osò a. Ejipt kap òganize konpetisyon an nan group A a ansanm ak Maròk, Kot Divwar ak Libi, Kameroun nan tèt group B a ansanm ak Republik Demokratik Kongo, Togo ak Angola. Chanpyon sòtan an Tunizi nan tèt group C a ak Afrik du Sud, Guine ak Zambi epi Nijerya nan tèt group D a ak Senegal, Gana ak Zimbabwe.

Tennis

Tèt de seri nimewo 1, espayòl Anabel Medina Garrigues, se chanpyòn tounwa tennis Open Canberra-a, ki tap jwe nan peyi Ostralie. Espayòl-la kale Sud-koreryèn Cho Yoon-Jeong an 3 manch 6-4, 0-6, 6-4. Medina Garrigues genyen 23 zan, li tap mennen 5 a 1 nan premye sèt-la anvan sud-koreyèn-nan te ranpòte 3 pwochen jeu-yo. Men Garrigues te genyen kanmenm sèt-a 6-4; Apre sa, Cho Won te ranpòte 8 pwochen jeu-yo pou’l pran yon avans 2-0 nan jeu desizif-la nan 3 zyèm sèt-la. Sepandan Garrigues te repran match-la nan men-li pou’l ranpòte 6 nan 8 pwochen jeu-yo e ranpòte 5 kyèm tit WATP-li. Se 3 zyèm aparisyon Cho nan final ATP-a, men se premye final-li depi ane 2003, apre yon operasyon li te sibi nan machwè.

Oganizatè tounwa Tenis Open Ostrali yo publiye lis tèt de seri tounwa a kap kòmanse Lendi. Numewo 1 mondyal Swis Roger Federer se tèt de seri numewo 1 nan kategori maskulen an. Answit nou jwen ameriken Andy Roddick ki ranplase adolesan espayòl Rafael Nadal. Favori lokal la Lleyton Hewitt se tèt de seri numewo 3. Arjanten David Nalbadian ak Rus Nikolay Davydenko konplete lis 5 premye tèt de seri yo.

Bò kote meda m yo Ameriken Lindsay Davenport se tèt de seri numewo 1. Bèlj Kim Clijsters, Franse Amelie Mauresmo, Rus Maria Sharapova ak franse Mary Pierce konplete lis 5 premye tèt de seri tounwa tenis Open Ostrali a. Ameriken Andre Agassi ak Rus Marat Safin pap patisipe nan tounwa a akoz blesu.

NBA

Kobe Bryant make 27 pwen pou ede Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa de justès devan Cleveland Cavaliers 99 a 98. Phoenix Suns pase sou Golden State Warriors 112 a 99. Detroit Pistons danse sou San Antonio Spurs 83 a 68.

Football Ameriken

Green Bay Packers anplwaye Mike McCarthy kòm antrenè ekip la ak espwa li pral transfòme ekip la ki sot reyalize pi move sezon nanistwa a swa 4 vitkwa 12 defèt. 2pati yo siyen yon kontra 3 zan.

BUSH Reggie Bush kap jwe nan Universite Southern Californi anonse lap abandone dènye ane nan univèsite a pou l patisipe nan tiraj osò football zèpòl kare a kòm pwofesyonèl. Obsèvatè yo kwè msye kapab seleksyone kòm numero 1- pou Houston Teksan.

XS
SM
MD
LG