Accessibility links

Breaking News

Otorite Spòtif Keyan yo Reintegre 6 Ajan Etranje


Atletisme

Otorite spòtif Kenyan yo reintegre 6 ajan spòtif etranje ki te an suspansyon depi 14 Desanm pami yo Olandè Jos Hermann ki responsab karyè 40 atlèt pami yo chanpyon du mond 5 mil mèt Benjamin Limo. Responsab Kenyan yo te radye 19 ajan etranje akoz movè tretman atlèt yo subi, kontra ki pa defini ase epi entèferans nan pwogram antrenman yo.

Football

Nan football yon juj Swis konfime ouvètu yon ankèt sou mank-e-melanj ki ta genyen nan transfert yon seri de footballè tankou Claude Makelele soti nan Real Madrid pou tal jwe nan Chelsea an lan 2003.

Yon group kap defann konsomantè yo deklare plizyè stad pa ranpli kondisyon sekurite tankou pòt̀ de sòti nan ka dife ak lòt fenomè n naturèl. Responsab yo group la idantifye 4 stad pami stad yo Bèlen an ki pasab men lòt 8 stad yo an vyolasyon ak kòd surte yo. Franz Beckenbauer, ki se responsab komite òganizatè a di group la tap fè yon pibon travay -sil ta enspekte moun kap vann lwil nan la ri a ak lòt kann vann bale pou netwaye kay.

Endividi moun pa idantifye touye ak 4 kout bal revolvè atakan seleksyon Kolonbyen Elson Becerra ansanm ak yon zanmi l nan yon night klub. Becerra te ede seleksyon Kolonbi a ranpòte Kopa Amerika an lan 2001 san konte plizyè lòt match kalifikatif koup du mond pou seleksyon an.

Siklisme

Tribunal Arbitraj spòtif la nan vil Lauzan an Swis kore entèdiksyon 2 zan Asosyasyon Olenpik Swis la te pran kont siklis Danilo Hondo pou tèt li te teste pozitif pou uzaj anabolizan.

Tennis

Jwè tenis espayòl Anabel Medina Garrigues kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Canberra gras ak2 kout rakèt li pase BelarusTatiana Poucheck 6-0, 6-1.

Chilyen Fernando Gonzales kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Aukland la gras ak yon swif li pase Peruvyen Luis Horna 6-3, 6-4.

Se sèlman 3 tèt de seri sou yon total 8 ki rete nan tounwa tenis feminen Hobart International la. Kwat Jelena Kostanic elimine Nuria Llagostera Vives. Tchèk Iveta Benesova elimine ameriken Mashona Washington 6-2, 3-6, 6-2. Ameriken Jill Craybas woule franse Severine Bremond ak kout rakèt 4-6, 6-2, 6-2.

Espayòl Rafael Nadal, numewo 2 mondyal deklare fòrfè nan Open Ostrali kap kòmanse lendi kap vinn la-a. Justifikasyon Rafael Nadal bay sou fòrfè ane sa-a, sèke li pa an bòn kondisyon fizik.

Franse Amelie Mauresmo elimine nan 2 zièm tou tounwa tenis Sidney International la devan Sèb Ana Ivanovic ki pa tèt de seri tounwa a 6-3, 7-5. Lòt kalifye yo se bèlj Kim Clijsters, Justin Henin Hardenne, Italyen Francesca Schiavone ak Tchèk Nicole Vaidsova.

RAlly Dakar

10 zièm etap rally Pari-Dakkar-la, kote espayòl Carlos Sainz, kap pilote yon machinn Volkswagen ranpòte jodi madi-a 10e etap konpetisyon an ki kouvri yon distans 283 kilomèt soti nan Moritani pou rive O Mali. Se 4 tryèm viktwa doub chanpyon rali espayòl-la ranpòte. Fransè Stepahne Peterhansel toujou nan tèt klasman jeneral la ak 4 minut 58 seconds.

NBA

Aswè a nan NBA, New Jersey Nets ap rankontre ak San Antonio Spurs. Boston Celtic kont Atlanta Hawks. Yè swa Kobe Bryant tounen premye jwè baskèt ki egalize rekò Will Chamberlain te make an 1964 ak yon total 45 pwen pandan 4 match afile.

Yè Lendi a Bryant make 45 pwen pou ede Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa 96 a 90 devan Indiana Pacers. Allen Iverson kap talon-nen Bryant make 41 pwen nan viktwa 107 a 98 Philadelphia 76ers ranpòte devan Seattle Supersonics. Dallas Mavericks ranpòte yon viktwa de justès devan Boston Celtics. Jerry Stackhouse make pwen viktwa 1 sekond avan fen tan reglemantè a. Washington Wizards tonbe devan Utah Jazz 97 a 89 epi Chikago Bulls tronse Toronto Raptors 113 a 104.

XS
SM
MD
LG