Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Sou Lanmò Kòmandan MINUSTAH a


Reyaksyon kontinye ap tonbe sou lanmò-- ki sanble ak suisid-- kòmandan militè Nasyonzini yo ann Ayiti, Jeneral brezilyen Urano Bacellar, samdi 7 janvye a. Tout moun ki bay opinyon yo salwe defen ofisye a kòm yon nèg debyen, yon sitwayen onorab, e yo pa kapab konprann kouman pou li ta bay tèt li yon bal.

Se yon ensidan ki choke MINUSTAH, fòs L'ONU pou mete stabilite nan peyi a, nan moman pwoblèm ensekirite a vin pi grav e anpil kritik ap fèt sou twoup etranje yo. Dayè lendi 9 janvye a yon grèv ta dwe fèt sou tout teritwa a pou fè MINUSTAH ranmase karaktè l' e ran responsablite l' devan klima vyolans ki rann lavi prèske enposib nan kapital Ayiti a, Pòtoprens.

Pandansetan, samdi swa gouvènman tranzisyon an parèt ak yon nouvo kalandriye pou eleksyon yo. Fwa sa a, si Gran Mèt la kontan, pèp la pral kapab vote nan dat 7 fevriye ak 19 mas (pou Prezidan ak Palman) epi nan finisman Avril pou majistra ak KASEK. Nouvo Chèf leta a gen pou li prete sèman le 29 mas, jou anivèsè ratifikasyon Konstitisyon peyi a.

Clarens Renois gen detay nouvèl sa yo. Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka tande l'.

XS
SM
MD
LG