Accessibility links

Breaking News

Etazuni Ranpòte Tounwa Tenis Koup Hopman nan


Tennis

Etazuni ranpòte tounwa tenis koup Hopman par ekip ki tap dewoule nan vil Perth an Ostrali. Ameriken yo te bezwen 2 manch pou kale la Oland 2 set a 1. Sa fè pou 4 trièm fwa an 18 tan Etazuni ranpòte konpetisyon an.

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen Swis Martina Hingis elimine nan semi final tounwa tenis Gold Coast la an Ostrali devan Italyen Plavia Pennetta 1-6, 7-6, 6-2. Hingis konfime lap patisipe nan tounwa tenis Sidney International la ak Open Ostrali kap kòmanse 16 Janvye. Pennetta pral rankontre an final ak Lucie Safarova ki elimine Rus Dinara Safina 6-4, 6-2.

Toujou nan tenis Rus Nadia Petrova ak Slovak Daniela Hantuchova elimine nan tounwa tenis klasik feminen kap dewoule nan Auckland, Nouvèl Zeland. Petrova abandone semi final la nan 3 zièm manch la aloske Franse Marion Bartoli tap men-nen 3-6, 6-4, 2-1. Hantuchova tonbe devan Rus Vera Zvonareva an 2 manch 6-2, 6-2. Slovak Dominik Hrbaty kalifye pou semi final tounwa tenis kap dewoule nan Adelaide an Ostrali gras ak 2 kout rakèt li pase Danwa Kenneth Carlsen 7-5, 6-3. Hrbaty pral rankontre nan semi final la ak franse Florent Serra ki elimine Findlandè Jarkko Nieminen 6-4, 6-7, 6-2. T

chèk Tomas Berdych kalifye pou semi final la apre li elimine Alman Philipp Kohlschreiber 6-1, 6-4. Berdych pral rankontre ak Bèlj Xavier Malisse ki elimine Italyen Andreas Seppi 6-0, 6-1. Tounwa sa a se youn pami plizyè kap dewoule nan peyi a avan debu tounwa tenis Open Ostrali a ,premye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a kap kòmanse 16 Janvye nan Melbourne.

Bò kote pa l numewo 1 tenis mondyal feminen ameriken Lindsay Davenport kalifye pou final tounwa tenis Hong Kong la apre li elimine konpatriòt li Serena Williams 6-3, 6-1. Davenport pral rankontre an final ak Bèlj Kim Clijsters ki elimine chanpyon sòtan an Rus Elena Dementieva 6-3, 6-3.

Football

Trofe koup du mond FIFA a kòmanse yon virewon nan 28 vil 31 peyi kap patisipe nankoup du mond la an Almay ak yon eskal jodi a nan Gana kote lap pase 2 jou. Answit trofe a ap mete tèt pou Amerik Latin nan, Etazuni, Azi ak kontinan Europeyen an kote lap fini le 10 Avril dapre yon komunike FIFA. Trofe a gen pou l fè yon virewon an Almay peyi òganizatè a.

Òganizatè koup du mond Almay 2006 yo gen kè sote fas ak demand pou biyè match yo kap ogmante. Responsab yo di chak jou yo resevwa yon demand 100 mil biyè. Responsab yo te espere kèk peyi kalifye yo pa tap kapab vann tout biyè yo e poutan enfòmasyon yo diferan.

Nouvèl ki soti an Chin fè konnen posibilite pou la Frans rankontre ak la Chin le 7 Jwen nan okazyon yon match amikal chofe jarèt-2 jou avan debu koup du mond la.

FIFA anonse li resevwa petisyon plizyè peyi kap patisipe nan koup du mond la ki ta renmen rekule dat pou soumèt lis 23 jwè a yon lòt dat olye de 15 Me. Responsab yo pa di non peyi ki fè demand la. Sepandan Brezil te sikile yon lis pandan tiraj osò koup du mond la e la Frans konfime li te siyen petisyon an. FIFA vle pou jwè yo benefisye yon vakans ant 14 e 21 Me avan yo kòmanse preparasyon konpetisyon an. Règleman koup du mond la di responsab yo kapab ranplase yon jwè ki blese sou lis la avan debu konpetisyon an a kondisyon yon medsen FIFA verifye blesu a.

Adolesan ameriken Freddy Adu rejte òf federasyon football Gana a te fè l pou l te jwe pou seleksyon an pandan dewoulman koup du mond la. Adu, ki deja reprezante Etazuni nan koup du mond Juniò ak Kadè, figure sou lis jwè antrenè Bruce Arena konvoke nan seyans preparasyon seleksyon an ki gen pou jwe plizyè match amikal. Adu ajoute ide l se pou l jwe pou seleksyon seniò ameriken an.

Yon delegasyon Asosyasyon mondyal jounal-yo (AMJ) ap twouve-yo nan Zurik pou yo rankontre ak prezidan FIFA-a Sepp Blatter Lendi sou restriksyon yo mete sou la près konsènan kouvertu Mondyal 2006-la ann Almay. Reprezantan AMJ-yo espere konvenk FIFA pou kite tonbe restriksyon kap anpeche medya entènasyonal yo ofri yon kouvètu konplèt Mondyal-la sou intènèt. FIFA mande medya-yo publiye sou sit entènèt-yo foto match yo 1hèd-tan apre match-yo ak yon kantite limite.

32 zièm de final koup de Frans la ap demare weekend sa a ak patisipasyon ekip premyè ak 2 zièm divizyon. An Espay Real Madrid ap jwe an deplasman Dimanch lakay Villareal ak espwa klub pral amelyore pèfòmans li nan okazyon 18 tièm jounen chanpyon a nan moman FC Barselòn nan tèt klasman jeneral la.

Yon lòt kote Konfederasyon football Azyatik la dakò pou Ostrali ranvwaye yon match kalifikatif koup dAzi a de Mars a Septanb pou pèmèt Ostralyen yo prepare pou koup du mond Almay 2006 la. Olye pou Ostralyen yo akeyi Liban le 1 Mas konfederasyon an dakò pou match la jwe le 1 Septanb Ostralyen yo toujou ap rankontre ak Bahrein le 22 Fevriye nan kad koup dAzi dè Nasyon 2007 la.

NBA

Tracy MacGrady make 34 pwen pou ede Houston Rockets tronse Cleveland Cavaliers 90 a 81 sou pwòp teren Cleveland. Lebron James make 30 pwen nan 4 trièm defèt Cleveland subi a domisil pou sezon an. Lòt rankont ki te jwe yè swa Stephens Jackson make 27 pwen, msye trape balon an 5 fwa e fè 3 pas ki make pwen pou ede Indiana Pacers pase sou Golden State Warriors 99 a 89.

XS
SM
MD
LG