Accessibility links

Breaking News

Ayiti: KEP a Ranvwaye Eleksyon 8 Janvye yo Ofisyèlman


KEP a ak gouvènman pwovizwa Ayisyen an pibliye yon kominike nan dat premye janvye 2006 la kote yo anonse yo ranvwaye eleksyon ki te fikse pou dat 8 janvye ane sa a. Kominike a site plizyè pwoblèm tankou anpil elektè ki poko resevwa kat elektoral yo epi plizyè biwo de vòt ki trò lwen ak adrès elektè yo kòm rezon ki jistifye desizyon an.

Pandan ke yo poko fikse yon nouvo dat pou eleksyon yo dewoule, kèk sous di li posib pou yo fè vòt la 7 fevriye 2006. Pandanstan, plizyè pati politik kontinye ap mande demisyon gouvènman an.

Yon lòt kote, Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) anonse liberasyon 2 anplwaye li ak madanm youn ladan yo ke bandi te kidnape nan Pòtoprens jedi 29 desanm 2005 la. Bandi yo libere 2 nan otaj yo (yon mari ak madanm li) vandredi 30 desanm nan e yo libere 3è nan 31 desanm.

Pandan ke anons la pa di si yo te peye bandi yo yon sòm lajan, OEA remèsye misyon spesyal li a ann Ayiti pou bonjan negosyasyon ki te debouche sou liberasyon 3 otaj yo. Sekretè jeneral OEA a, Jose Miguel Insulza remèsye reprezantan kominote entènasyonal la ann Ayiti ak otorite ayisyen yo pou apwi yo.

Li re-afime apwi li pou eleksyon yo ann Ayiti. Chèf OEA a fini pa di li pral kontinye ede responsab elektoral yo òganize eleksyon lib, onèt e kredib nan peyi dAyiti.

Klike sou lyen anlè a pou w tande korespondan nou Clarens Renois k’ap reponn kesyon Ronald César.

XS
SM
MD
LG