Accessibility links

Breaking News

Real Madrid Siyen ak Defansè Brezilyen Cicinho


Football

Responsab yo nan Real Madrid anonse yo siyen yon kontra 7 ane ak defansè Brezilyen Cicinho. Cicinho vinn jwen ak Ronaldo, Roberto Carlos, Julio Baptista ak Robinho kom̀ brezilyen kap evolye nan Real Madrid. Responsab yo anonse Benito Floro ap ranplase antrenè Italyen Arrigo Sacchi ki kite klub la pou rezon familyal. Arrigo Sacchi te nan tèt klub Madrilèn nan 21 Desanm 2004

Otorite FIFA yo ap revize supansyon yon match federasyon Italyen an enpoze footbalè Italyen Paolo Di Canio pou tèt li te fè yon gad-a-vou stil fasist. Dapre Federasyon Football Entènasyonal la si enfòmasyon an verifye Di Cano ta vyole règleman yo. Sa fè 3 zièm fwa Di Cano fè menm salu facist la bay fanatik yo. An plis de suspansyon yon match la Di Canio, kap jwe nan Lazio de Wòm, gen pou l peye yon amand plis pase 11 mil dola. Di Cano anonse li prale an apèl ak desizyon an.

Nouvèl ki konsène koup du mond--la Frans anonse lap rankontre ak Danmak ak Meksik nan kad preparatif pou koup du mond Almay 2006 la 27 ak 31 Me nan Stad de Frans la ak Lens. Toujou an Frans arete 7 moun, pami yo footbalè ak fanatik pou tèt yo te agrese yon abit nan Sent Etyèn.

Prezidan Bayern de Munick la Karl-Heinz Rummenige deklare li sur Michael Ballack ap kite klub la nan fen sezon an. La Ongri ap inogure stad Wembley a fas a Angletè 30 Me pwochen apre yo finn repare l. Match sa a ap antre nan kad preparatif Angle yo ap fè pou koup du mond Almay 2006 la. Dènye fwa 2 seleksyon yo te rankontre se te an 1999 nan Budapest kote yo fè match nul 1 a 1.

Ekip ki te gen nanm tèt Zinedine Zidane kale ekip Ronaldo a 4 a 2 nan kad 3 zièm edisyon match kont la mizè ke Pwogram Nasyonzuni òganize nan Dusseldorg. Anviwon 50 mil fanatik te fè deplasman an. An Espay Osasuna kale Atletiko de Madrid 2 a 1 pou mete l a 2 pwen de retar de lidè chanpyona a F.C Barselòn.

Olympics/ Lond

Alex Gilady, manb Izrayelyen nan Komite Olenpik Entènasyonal fè yon konnen se yon erè ki te komèt nan vwa ki fèt vil Lond chwazi pou òganize je zolenpik yo olye de vil Madrid. Selon responsab la yo te atribye yon vwa pa erè pou vil Pari pandan 3 zièm tou ak avan dènye tou a aloske vwa sa a te destine pou vil Madrid. Yon lòt kote responsab je zolenpik Peken 2008 yo anonse biyè yo ap kòmanse vann nan kòmansman ane 2007 la.

Tennis

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen an Swis Martina Hingis ap tèt de seri ansanm ak Maria Sharapova, Lindsay Davenport ak Serena Williams kom̀ tèt de seri nan tounwa tenis Pan Pacifik kap dewoule nan vil Tokyo soti 30 Janvye pou rive 5 Fevriye 2006. Hingis, ki retounen nan sikui entènasyonal la apre 3 zan absans, deja ranpòte tounwa a 3 fwa.

NBA

Lebron James make 37 pwen nan viktwa 108 a 100 Cleveland Cavaliers ranpòte devan Chikago Bulls--viktwa ki mete Cavaliers yo ak yon palmarès 15 viktwa 9 defèt epi Bulls yo ranpòte 12 viktwa e yo subi 13 defèt. Nan lòt rankont ki te jwe pou sware a Dallas Mavericks te fè anpil efò pou l kale Sacramento Kings 105 a 95 gras a 37 pwen Dirk Nowitzki make.

XS
SM
MD
LG