Accessibility links

Breaking News

FIFA Plede pou gen Mwens Jwè Etranje nan Klub yo


Football

Prezidan FIFA Sepp Blatter plede pou diminye prezans jwè etranje nan yon klub pou pèmèt klub yo pa vinn pi rich e pou publik la kapab abitye ak jwè lokal yo. Pou yon 4 trièm ane youn dèyè lòt Brezil klase numewo 1 nan klasman fifa publiye chak mwa ak yon total 840 pwen. An 2 zièm pozisyon nou jwen Republik Tchèk ki gen 796 pwen ansuit nou jwen La Oland ak Arjantin. Meksik, Espay ak la Frans yo tout gen menm pwen swa 768 pwen pou 5 kièm plas la. Etazini klase 8 tièm ak 767 pwen. Angletè ak Portugal konplete lis 10 meyè ekip mondyal. Trinidad kap patisipe nan koup du mond la klase 50 tièm ansanm ak Gana youn pami reprezantan kontinan Afriken an.

Footballè Brezilyen Ronaldinho ki sot konsakre balon dò Europeyen pati favori pou ranpòte pri meyè footbalè pou ane FIFA devan Angle Franck Lapard ak Kamerounè Samuel Eto’o.

An Almay Oliver Khan pwolonje kontra l pou l pase 2 zan ak Bayern de Munik juskan 2008. An Espay Real Madrid fè match nul 1 a 1 ak Osasuna aloske Barselòn woule Kadiks 3 a 1. An Itali Inter de Milan raproche de Juventus de Turen apre swif 4 a 0 yo pase Reggina . Juventus de Turen fè yon pa an aryè apre match nul 1 a 1 yo fè ak Lazio de Wòm.

Klub football Brezilyen Sao Paolo kale klub Angle Liverpool 1 a 0 pou l ranpòte pou yon 3 zièm fwa koup du mond Klub yo ki tap dewoule nan Yokohama Japon. Deportivo Saprissa konsole l ak 3 zièm plas la gras ak yon viktwa 3 a 2 yo ranpòte devan klub Sawoudyen Al Ittihad.

Tennis

Federasyon Tenis Entènasyonal la konsakre jwè tenis Swis Roger Federer ak Bèlj Kim Klijsters kòm chanpyon du mond pou sezon 2005 la kategori maskulen ak feminen.Federer ranpòte 11 tounwa pou yon total 81 viktwa ak defèt pou ane.

Olenpik

Òganizatè Je zolenpik dete Lond yo nonmen Paul Deighton kòm nouvo chèf ekzekutif je 2012 yo. Dapre responsab yo rezon ki dèyè desizyon an se akoz eksperyans Deighton genyen nan jesyon òganizasyon entènasyonal ak pwojè.

Atletisme

Federasyon Atletisme Entènasyonal la ratifye 3 rekò du mond. Rekò du mond semi maraton Kenyan Samuel Wanjiru te bat 11 Septanb nan Rotterdam an Oland ak 2 lòt rekò du mond kourè Japonè Mizuki Noguchi te bat nan kous 25 kilomèt Bèlen an 25 Septanb ak rekò Naoko Takahashi te bay 30 Septanb.

Otorite spòtif chinwa yo kore suspansyon 2 zan ki te pran kont atlèt chinwa Sun Yingjie pou uzaj anabolizan malgre yon tribunal sivil rekonèt yon atlèt te lage yon medikaman nan bwason li tap konsome. Federasyon Chinwa a di li pral ankete sou nouvo akuzasyon an pandan yo di atlèt la responsab.

Football Ameriken

Indianapolis Colts pase akote pou l ta egalize rekò Miami Dolphins te bat an 1972 apre yo tonbe lakay yo devan San Diego Chargers 26 a 17. Washington Redskins pilon-nen Dallas Cowboys 35 a 7. 2 ekip yo toujou an konpetisyon pou yon plas nan faz final la. Seattle Seahawks ranpòte yon viktwa tou mens devan Tennessee Titans 28 a 24. Atlanta Falcons tonbe devan Chikago Bears 16 a 3. Aswè a Green Bay Pakers ap fè deplasman an lakay Baltimore Ravens.Cincinnati Bengals van-nen Detroit Lions 41 a 17.

NBA

New Orleans Hornets te anpeche Tim Duncan make pwen pou yo te kapab ranpòte yon viktwa 89 a 76 devan San Antonio Spurs. Atlanta Hawks ki kòmanse reprann fòm li te bezwen pwolongasyon pou l kale Denver Nuggets 110 107. Houston Rockets ranpòte yon viktwa de justès devan Los Anjeles Lakers 76 a 74. Washington Wizards tonbe fas-anba devan Portland Trail Blazers 97 a 92.

XS
SM
MD
LG