Accessibility links

Breaking News

Enstalasyon 5 Nouvo Jij Kou Kasasyon Pa Rive Fèt


Tapaj pete jodi a nan seremoni kote gouvènman pwovizwa ayisyen an tapral enstale senk nouvo majistra nan pi gwo tribinal peyi a, Lakou Kasasyon.

2 nan jij yo revoke-retrete yo te leve lavwa pou pwoteste kont aksyon Prezidan Boniface Alexandre te pran vandredi 9 desanm 2005 la, aksyon ki dapre anpil analis ak espesyalis vyole manman-lwa peyi d Ayiti.

Pou n' ka tande deklarasyon ki fèt jodi a pandan tantativ enstalasyon nouvo jij yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a e koute repòtaj korespondan nou Rotchild François, Jr.

XS
SM
MD
LG