Accessibility links

Breaking News

Sao Paolo Kalifye pou final Koup du Mond Club yo


Football

Seleksyon Japonè a gen pou l jwe yon match amikal entènasyonal ak Finland 18 Fevriye nan vil Tokyo nan kad preparatif yap fè avan yal patisipe nan koup du mond Almay 2006 la. Prezidan Federasyon Football Joponè a Saburo Kawabuchi fè konnen Finland gen menm stil ak seleksyon Ostralyen an ki nan group F la ansanm ak Brezil ak Kwasi. Japon gen pou l jwe yon match chofe jarèt avèk Etazuni nan San Francisco 10 Fevriye ak posibilite pou yo jwe yon lòt match amikal kont Ekwatè nan fen mwa Mas la. Ekwatè nan groupA a ansanm ak Kosta Rika, Polòy ak Almay--aloske Etazuni nan group E ansanm ak Republik Tchèk, Itali ak Gana. Findland pa kalifye pou faz final la.

Klub football Brezilyen Sao Paolo kalifye pou final koup du mond klub yo kap dewoule nan Tokyo gras ak yon viktwa li ranpòte devan klub Sawoudyen Al Attihad. Brezilyen yo pral rankontre ak venkè rankont ant Liverpool ak Deportivo Saprissa demen Jedi a.

XS
SM
MD
LG