Accessibility links

Breaking News

De Analis Ayisyen Egzaminen Antant Gwoup 9 la


Definitivman, nan pwen antant sou Antant la. Nou vle di antant, ou akò, 9 gwoupman politik ak yon kandida endepandan (Charles Henri Baker) jwenn nan Pòtoprens nan dat 28 novanm 2005 la.

Nan mikwo Lavwadlamerik, Analis Politik Robert Bénodin toke kòn ni ak yon fanm vanyan, Doktè Marie-Carmel Paul-Austin, sou enpòtans dokiman sila a ak sa li reprezante nan tradisyon politik Ayiti. 2 envite magazin Rankont dimanch 11 desanm nan pat' mete dlo nan bouch yo, tanto pou yo siyale sa yo konsidere tankou fòs-kote ki nan Antant la, tanto pou endike sa li genyen ki pozitif, oubyen ankò pou denonse vye defo ki anpeche klas politik ayisyèn nan franchi yon pa desizif sou wout tranzisyon demokratik la, prèske 20 an apre dechoukaj rejim Duvalier a.

Ou kapab tande pwogram sa a si ou fè klik sou ralonj ki anlè premye paragraf la.

XS
SM
MD
LG