Accessibility links

Breaking News

Yon Diplomat Ameriken Di Eleksyon yo Kapab Amelyore Sitiyasyon Ayiti


Reprezantan gouvènman Bush la nan Pòtoprens deklare eleksyon 8 janvye yo kapab ede nan amelyorasyon eta pèp ayisyen an. Chaje Dafè Timothy Michael Carney egzòte popilasyon nan 10 depatman peyi a pou yo sèvi ak dwa yo genyen pou chwazi dirijan yo, kit se Prezidan, kit se manm Palman an, oubyen pita, le 5 mas, manm gouvènman ak asanble lokal yo.

Yon lòt kote, Prezidan Dominiken an, Leonel Fernandez gen pou li fè chita tande lendi 12 desanm nan ak tokay ayisyen n nan, Boniface Alexandre; ak manm gouvènman an epi responsab pati politik, nan kapital ayisyèn nan.

Pandansetan, kandida yo fin pran chenn ap mennen kanpay atravè peyi a, 2 jou apre egzekitif la fin bay yon kou siprann ak revokasyon-degize-an-retrèt 5 majistra nan Lakou Kasasyon , tribinal siprèm peyi a, ki te vote anfavè Dumarsais Siméus e kont Konsèy Elektoral la.

Pou w ka tande repòtaj Renan Toussaint an, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG