Accessibility links

Breaking News

Atansyon Fanatik Spòtif yo Dirije an Almay pou Tiraj osò a.


Football

Delegasyon 32 peyi kap patisipe nan koup du mond la trouve yo nan Leipzig an Almay kote yo pral patisipe nan tiraj osò konpetisyon an. Brezilyen Pele ki ranpòte 3 koup du mond nan tèt lis selebrite kap patisipe nan seremoni djak sou djak. Lòt pèsonalite nou jwe se Lothar Matthaus ak ansyen vedèt Olandè Johan Cruyff ak ameriken Cobi Jones. Antrenè ameriken Bruce Arena fè kèlke swa group ameriken yo tonbe pase kap premye tou a rete yon defi. Sou seleksyon Meksik kòm tèt de seri Bruce Arena te fè kòmantè sa a. "Li bon le fè ke yon peyi nan KONKAKAF la klase kòm tèt de seri--se yon aksyon ki ede konfederasyon an pi devan. Meksiken yo merite l. Yo te fè bèl figi nan koup du mond Frans 98 la e yo te patisipe nan kar de final la--ki figure pami kondisyon FIFA yo donk yo merite klase tèt de seri devan Etazuni."

Tèt de seri yo se Almay, Brezil, Arjantin, la Frans, Espay, Itali, Angletè ak Meksik. Pele pral chwazi seleksyon ki kalifye pou kontinan Eropeyen an. Matthaeus ap seleksyon kalifye ki soti an Azi ak nan Konkakaf la. Cruyff ap chwazi peyi kalifye Afriken ak Amerik du Sud la. Epi Milla pral okipe l de pot ki gen peyi tèt de seri yo.

FIFA ak Unyon Europeyen an dakò pou travay ansanm pou rezoud yon seri de pwoblèm ki afkete jwèt football la.--pwen ki nan sant deba a se salè footbalè yo, ajan jwè yo ak blanchiman lajan. Unyon Europeyen an mande pou gen yon plafon salè pou footbalè yo, mezu sevè pou reprezantan jwè yo ak mach a swiv pou pwopriyetè klub yo.

Tennis

Venus ak Serana Williams mete fen nan yon toune tenis de charite yo tap fè nan 3 vil ameriken ak yon arè isit Washington kote Venus te bezwen 2 manch pou l kale Serena 6-4, 6-2.

NBA

Indiana Pacers kwense Washington Wizards ak yon rakle 111 a 87 aloske Houston Rockets woule Sakramento Kings 106 a 95

XS
SM
MD
LG