Accessibility links

Breaking News

Ayiti: KEP a ap Mete Plis Biwo ak Plis Anplwaye Pou Remèt Kat Elektoral


Ayiti-Eleksyon: Yon responsab Konsèy Elektoral Pwovizwa a konfime nouvèl ki fè konnen KEP a ap pran dispozisyon pou l akselere preparasyon eleksyon yo, nan moman rete yon mwa jou pou jou pou premye tou a dewoule. Korespondan nou Jean Max Balnc fè konnen, pami dispozisyon sa yo, responsab la pale de desizyon pou Konsèy l anplwaye plis moun pou fè travay la.

Dosye Eleksyon an toujou: Yon otorite wo-plase fè konnen gouvènman ayisyen an pral ranfòse prezans lapolis atravè peyi a nan okazyon pwochèn eleksyon yo, pou ofri pwoteskyon pou kandida, elektè ak biwo vòt yo. Korespondan nou nan Gonayiv, Duc Jonathan Joseph, di nou otorite a pale konsa pandan yon vizit nan Depatman Latibonit la.

Nan Repiblik Dominikèn, yon ensidan kote 2 moun te mouri --yon Ayisyen ak yon Dominiken -- kreye yon sitiyasyon kote plizyè Ayisyen antre nan kache nan moman otorite panyòl yo ap chache arete yo pou depòtasyon. Sou dosye sa a, korespondan nou Yves Mompremier te antre an kontak ak Konsil ayisyen an nan vil Barahona ki pale de reyaksyon ensidan sa a pwovoke.

Nan Depatman Sid-Es Ayiti, yon fanmi akize kèk ajan lapolis ak yon ajan sekirite elektoral sivil deske yo ta responsab lanmò yon manm fanmi sa a. Nou gen detay ak korespondan nou nan Jacmel Jean Martinez.

Pou w ka tande repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG