Accessibility links

Breaking News

Lyon Mennen FIFA Devan la Justis


Football

Chanpyon sòtan chanpyona premyè divizyon franse a Lyon tren-nen FIFA devan tribunal apre yon jwè klub la Eric Abidal te blese pandan match amikal ant la Frans ak Kosta Rika nan Martinik 9 Novanm pase a. Lyon mete ak swa dizan group G-14 la( klub ki pi enfluyan sou kontinan) leve kanpe kont FIFA pou abu de pozisyon ki ekzije klub yo pou mete jwè yo disponib pou seleksyon nasyonal la san dedomajman ni mande seleksyon an pou l peye yon frè dasurans. Responsab yo mande FIFA pou l peye yon amand senbolik mwens ke 2 dola kòm domaj e enterè.

Milan AC, PSV Eindoven ak Glasgow Rangers kalifye pou pwochen tou chanpyona Lig dè chanpyon Europeyen an. Vedèt Brezilyen Kaka make 2 gòl pou pèmèt Milan A-C kale Shalke 04 3 a 2 aloske Fenerbah tonbe fas anba devan PSV Eindhoven 2 a 0. Inter de Milan fè match nul 1 a 1 ak Glasgow Rangers. Real Madrid ki deja kalifye fè bèk atè devan Olympiakos 2 a 1.

Jodi a Manchester United pral konnen si lap kalifye lè lap jwe kont Benfica de Lisbòn nan group D a. Epi Villareal ap rankontre ak Lille. Plizyè senario posib nan group sa a. Lille kapav fini an premye pozisyon ak yon viktwa men kapab fini 2 zièm avèk yon match nul a kondisyon Benfika fè match nul ak Manchester United.

Yon lòt senario Villareal kapab kalifye menm si li ta pèdu ak yon sèl gòl e ke Benfica ak Manchester fè match nul 1 a 1 pa ekzanp. Pou rankont Benfica/Manchester la nenpòt pami yo ap kalifye ak yon viktwa men yon nul Benfica kapab fini an dènye nan group la men Manchester kapab kalifye si Lille fè bèk atè. Situasyon an konplike nan group C a kote Werder de Brem dwe ranpòte yon viktwa pou l kalifye ak espwa Udinese tonbe devan FC Barselòn.

NBA

Washington Wizards te bezwen pwolongasyon pou l kale Toronto Raptors 119 a 111. Bèl operasyon pou Memphis Grizzlies ki kale New Orlans Hornets 89 a 73. Los Anjeles Lakers van-nen Milwaukee Bucks 111 a 92. Viktwa Houston Rockets sou Boston Celtics 91 a 73. Avèk yon defisi 45 pwen Phoenix Suns woule Portland TrailBlazers 130 a 85. Denver Nuggets kale Atlanta Hawks 125 a 116. New York Kniks ranpòte yon viktwa tou mens devan Seattle Supersonics 100 a 96 menm situasyon pou Cleveland Cavaliers ki kale Sakramento Kings 102 a 97.

Je Zolenpik

Tòch olenpik la rive nan vil Wòm an Itali--premye etap yon virewon avan li rive nan vil Turen pou okazyon je zolenpik divè yo kap kòmanse an Fevriye 2006. Anviwon 10 mil atlèt ap patisipe nan relè a kap travèse tout pwovens Italyen yo avan li pases an Frans, Swis, Otrich ak Sloveni pou l rantre nan vil Turen 10 Fevriye 2006 nan kou danvwa je yo.

XS
SM
MD
LG