Accessibility links

Breaking News

Kwasi ap mennen 1 a 0 nan Koup Davis la


Tennis

Kwat Ivan Lubicic bay Kwasi yon viktwa a zero kont kont Slovaki nan kad final koup Davis la kap dewoule nan Bratislava -2 ekip kap patisipe pou la premyè fwa nan final konpetisyon an. Ljubicic te bezwen 3 manch pou l kale Karol Kucera 6-3, 6-4, 6-3. Pita nan jounen an Dominik Hrberty pral eseye pou l egalize seri 5 match la pou konsakre yon nouvo chanpyon.

Football

Vyetnam ak rankontre an final ak Tailand nan final football Je Azi du Suès yo kap dewoule nan Filipi n. Vyetnam kalifye apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Malezi aloske Tailand woule Indonezi 3 a 1 nan semi final ki dewoule jodi a.

Sis klub kalifye pou pwochen faz koup Unyon Football Europeyen an eksepte chanpyon sòtan an CSKA ki elimine devan Dinamo de Boukarès 1 a 0. An plis de Dinamo de Bukarès nou jwen nou jwen Levski Sofia, Zenith de Petersburgh, Seville, Rapid de Boukarès.

Demen Samdi a Bayern de Munik ap jwe an deplasman lakay Stuttgart nan okazyon 15 zièm jounen Bundesliga a. Hambourgh ap akeyi Kolòy. An Espay Villareal pral kouche an kwa pou l bare wout la lè lap rankontre ak Barselòn demen Samdi a nan kad 14 zièm jounen chanpyona Espayòl la--aloske Real Madrid ki sot subi yon rakle nan men Barselòn pral chache geri bosko l sou Getafe. Balon pral woule an Angletè nan okazyon 15 zièm jounen chanpyona a Federasyon football Togo a ap chache konvenk defansè Bayern de Munick Valerien Ismael pou l ta vinn jwe nan koup du mond Almay 2006 la.

Gouvènman Togolè a gen entansyon naturalize Ismael, ki te pran nesans an Frans men ki marye ak yon Togolèz. Deklarasyon Ismael demanti. Msye di se manti pa gen oken responsab nan Federasyon Espayòl la ki pale kesyon sa a ak li. Msye di 2 peyi li ta renmen jwe pou yo se Almay ak la Frans.

Yon lòt kote match ale 8 tièm de final koup DItali ant Fiorentina ak Juventus de Turen ki te sispann nan 55 kièm minit rankont la apre ensidan ant 2 fanatik yo fni sou yon skò̈ nul 2 a 2. Match la te fini anba gwo mezu sekurite. Nan l

NBA

Kobe Bryant make 2 kou fran pou pèmèt Los Anjeles Lakers kale Utah Jazz an pwolongasyon 105 a 101. Franse Tony Parker make 30 pwen pou ede chanpyon sòtan an San Antonio Spurs ranpòte yon viktwa de justès devan Dallas Mavericks 92 a 90 nan yon rankont gason pa kanpe.

XS
SM
MD
LG