Accessibility links

Breaking News

Final Koup Davis la fikse pou Vandredi


Tennis

Kwat Ivan Ljubicic ap rankontre ak Slovak Karol Beck nan premye senp fiinal koup Davis kap dewoule nan Bratislava demen Vandredi a. Se premye fwa 2 peyi yo kalifye pou final Koup Davis la.

Football

Prezidan Federasyon Football Turk la kwè FIFA kapab pran sanksyon sevè kont peyi a apre ensidan ki te genyen apre match de baraj retou ant la Turki ak la Swis. Antrenè Turk la bò kote pa l Fatih Terim di li pap demisyone. Deklarasyon sa yo fèt 1 jou apre FIFA te tande depozisyon sou ensidan an.

Asosyasyon alman pou pwoteksyon konsomatè depoze plent kont komite òganizatè koup du mond la pou mande chanjman nan kondisyon rezèvasyon biyè pou koup du mond la. Asosyasyon an denonse frè fanatik yo peye pou rezève biyè yo ki pa menm bay garanti kliyan an ap jwen tikè a.

Nan Portugal Benfica de Lisbon pare pou l vann non stad la pou plis pase 5 milyon dola par an pou l kapab peye plis pase 65 milyon dola dèt ekip la dwe.

Lokomotiv de Moscou, Steaua de Bukarès, AZ Alkmaar ak Litex Lovech kalifye pou faz dechoukaf koup Unyon football Europeyen an. Klub sa yo pral jwen Middelsbrough, Strasbourg ak Marseille te deja gen tikè yo pou 16 zièm de final la--plis kalifye nan 2 semen.

Gadyen-d-bu seleksyon nasyonal ameriken an Kasey Keller resevwa pri Honda meyè jwè ameriken pou ane a--yon pri li te resevwa an 1999.

Atletisme

Kourè ameriken dorijin Kenyan Bernard Lagat anonse lap kontinye aksyon legal kont Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la sou tès pozitif dròg ki te fèt sou li. Lagat made Federasyon an pou peye 585 mil dola domaj ak enterè. Aksyon sa a fèt apre yon 2 zièm tèt te negatif. Federasyon an bay Lagat juska jodi a pou l aksepte yon antant alamyab ki retire tout akuzasyon yo an retou pou l abandone aksyon an justis la. Lagat di li pa kapab aksepte pwopozisyon an akoz li pa gen yon ekskuz, responsab yo pa rekonèt metòd la pa bon epi li pa prevwa konpansasyon. Dosye a kapab ale devan tribunal an Fevriye 2006 si pati konsène yo pa jwen yon antant.

Je Zolenpik

Oganizatè je zolenpik Divè Turen yo prezante meday pou je yo ki gen yon logo nan yon fasad epi ak deferan disiplin spòtif nan lòt bò meday la. Òganizatè yo di yo di meday la gen menm fòm ak bag olenpik la. Plis pase 6 moun patisipe nan pwosesus la ki dure 10 zè-d-tan. Responsab yo pwomèt yap fabrike 1026 meday pou je dhivè yo ak 648 pou je paralenpik yo.

Natasyon

Najè Ostralyen Ian Thorpe lanse yon apèl pou mande nenpòt moun ki ta jwen yon mont ki gen foto anblèm Olenpik la pou retounenn ba li. Mont la sanble ta pèdu nan yon vwatu spòtif de luks najè a posede. Ian Thorpe ap antrene pou l patisipe nan je Commonwealth Britanik yo ki gen pou dewoule nan Melbourne an Ostrali an lan 2006.

NBA

Cleveland Cavaliers te bezwen pwolongasyon pou l kale Los Anjeles Clippers 115 a 102. Miami Heat danse sou Atlanta Hawks 96 a 74. Menm situasyon an pou Memphis Grizzlies ki woule Toronto Raptors 92 a 66.. Washington Wizards te fè anpil efò avan li kale Portland Trail Blazers 96 a 89. Chikago Bulls fè bèk atè devan New York Knicks 109 a 101. Detroit Pistons pase pran New Jersey Nets 93 a 83. Boston Celtics ranpòte yon viktwa tou mens devan Philadelphia 76ers 110 a 103. Phoenix Suns toupizi Indiana Pacers 109 a 91. New Orleans Hornets te finn pa gen rezon sou Denver Nuggets ke li kale 102 a 95. Seattle Supersonics tronse Charlotte Bobcats 104 a 94. Golden State Warriors pilon-nen Sacramento Kings 113 a 106.

Klike sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou w tande Koute Dosye Spò sou football la an Ayiti.

XS
SM
MD
LG