Accessibility links

Breaking News

Federasyon Tenis Entènasyonal la Adopte yon Nouvo Teknoloji


Tennis

Federasyon Tenis Entènasyonal la dakò pou l sèvi ak tenoloji ranlanti a pou ede abit yo justifye si yon balon tonbe an dedan liy la ou byen an deyò--desizyon pafwa konn soulve kòlè jwè yo. Nouvo desizyon an ap antre an aplikasyon 30 Desanm nan okazyon tounwa tenis Hopman Cup la ki gen pou dewoule an Ostrali.Teknoliji a ak sèvi pandan dènye tounwa tenis dè chanpyon pou ane a kap kòmanse demen Madi 29 Novanm nan.

Football

Federasyon Football Turk la voye yon lèt tou louvri bay Federasyon Football Entènasyonal la pou l mande l retire lang Kurd kòm yon lang ofisyèl nan almanak FIFA 2006 la. Responsab yo di retire Kurd kòm lang ofisyèl enpotan pou sekurite nasyonal Turk yo ki pa rekonèt 12 milyon Turk kòm minorite etnik peyi a. Sekretè Jeneral FIFA Urs Linsi prezante ekskuz li bay reponsab Turk yo pandan li pwomèt pou korije erè a ane pwochèn.

La près espayòl chante lwanj pou footballè franse Zinedine Zidane ki make bout gòl pou ede Real Madrid rache yon match nul 2 a 2 nan men Real Sociedad nan okazyon 13 zièm jounen chanpyona espayòl la.

Yon lòt kote Zinedine Zidane demanti nouvèl ki publiye nan yon jounal alman kòm kwa li pap sede plas li bay footballè alman Michael Ballack si msye ta vinn jwe nan Real Madrid.

Footballè Brezilyen Ronaldinho pati favori pou ranpòte 50 tièm edisyon balon dò Frans Football la kap anonse jodi a pou ranplase Ukrenyen Andrey Chevechensko. Faktè, ki an favè brezilyen an, se teknik enkonparab, gòl difisil, pas eksepsyonèl ak yon seri de jès teknik Ronaldinho fè swa pandan lap jwe pou Brezil ou byen ak Barselòn.

An Itali Juventus de Turen toujou nan tèt chanpyona Seri A Italyen gras ak yon swif 3 a 1 yo pase Trevise. Milan AC pat gen twòp pwoblèm pou l kale Lecce 2 a 1 pou l rete a 5 pwen dèyè Juventus 2 pwen devan Fiorentina mki fè match nul 1 a 1 ak AS Wòm.

An Almay Bayern de Munick kontinye ap domine chanpyona Almay la apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte dean Mayence.

Funeral footballè Britanik George Best ap chante Samdi nan vil natal li Belfast ak posibilite pou plizyè dizèn milye fanatik prezan nan moman an.

Yon delegasyon footballè Izrayelyen ak Palestinyen kite pwòch Oryan pou ale an Espay kote yo pral rankontre ak Barselòn nan kad yon match pou la pè nan okazyon Somè Euromed la. Group la gen ladan 15 Izrayelyen ak 12 Palestinyen.

Basketball

Federasyon Basketball Internasyonal la lanse yon kat denvitasyon enspesyal bay chanpyon sòtan an Sèbi ak Montenegro, Itali, Turkey ak Porto Riko nan chanpyona du mond basketball ki gen pou dewoule O Japon an lan 2006. 3 ekip Europeyen yo pat kalifye nan tounwa Europeyen ki te dewoule an Septanb ane sa a. Sèbi ak Montenegro ranpòte konpetisyon an 5 fwa. Turky ap òganize koup du mond basketball la an lan 2010 pandanke Itali te fini an 2 zièm pozisyon nanje zolenpik yo.

La Rusi, Kore du Sud ak Kwasi figure pami gwo ekip ki pa resevwa envitasyon espesyal la pou vinn patisipe nan koup du mond la kap reyuni 24 peyi a soti 19 Out pou rive 3 Septanb. Peyi kalifye yo se Etazuni, Brezil, Venezuela, Arjantin, Panama, Ostrali ak Nouvèl Zeland. Sou kontinan Europeyen an gen la Frans, Almay, Grès, Lituani, Sloveni, Espay, Liban, Nijerya, Angola, Senegal, Katar, la Chin ak peyi òganizatè a Japon. Ekip yo ap divize ak 4 group de 6 lè tiraj osò a ap òganize le 15 Janvye nan Tokyo.

Nan NBA Malgre Kobe Bryant make 46 pwen pa anpeche Los Anjeles Lakers tonbe devan New Jersey Nets an pwolongasyono 102 a 96--viktwa ki mete fen nan 3 defèt afile Nets yo sot subi. Portland Trail Blazers mete fen nan 2 viktwa Atlanta Hawks sot ranpòte gras ak yon 2 pwen Darius Miles make kèk sekond avan fen tan reglemantè- a pou ede blazers yo ranpòte yon viktwa 77 a 75. Epi Indiana Pacers ranpòte yon viktwa tou mens devan Los Anjeles Clippers 97 a 92.

Olynpic

̀Tòch Olenpik la kite vil Olenpya an Grès depi yè Dimanch la pou yon vwayaj kap kouvri 13 mil 300 kilomèt soti nan ansyen Olenpya pou rive nan vil Turen an Itali ak patisipasyon plis pase 10 mil kourè. Tòch la ap soti an Grès pou l antre an Itali, travèse la Frans, Otrich, Sloveni ak la Swis avan li antre nan vil Turen.

Jymnastik

Jimnaz feminen ameriken yo renmèt yon bèl pèfòmans nan chanpyona du mond Atletis ki tap dewoule nan Melbourne an Ostrali ak yon total 9 meday--4 an ò-4 ajan ak 1 bronz.

Volleball

Andre Nascimento make 12 pwen pou ede Brezil ranpòte yon viktwa 3 manch a 0 devan Ejipt nan kad chanpyona du mond volebòl kap dewoule nan vil Tokyo Japon. Sa fè brezilyen yo 5 kièm viktwa afile yo ranpòte nan chanpyona du mond la ak patisipasyon 6 peyi. Etazuni kale la Chin pou l fini tounwa a ak yon palmarès 4 viktwa 1 defèt. Itali kale Japon pou l konsole l ak 3 zièm plas la ak yon palmarès 3 viktwa 2 defèt. Japo fini tounwa a ak 2 viktwa 3 defèt. Ejipt fini ak 1 viktwa 4 defèt. Chin fini ak 0 viktwa 5 defèt.

Je Azi du Sudès

Prezidan Filipen an Gloria Arroyo louvri 23 zièm edisyon Je Azi du Sudès yo yè Dimanch la nan yon seremoni ki te gen anpil fe datifis. Plis pase 5 mil atlèt ki soti nan 11 peyi ap patisipe nan konpetisyon an kap dure 9 jou kap fini 5 Desanm. Gen yon total 441 meday dò ki an je nan konpetisyon an ki òganize chak 2 zan

Football Ameriken

Aswè a Pittburgh Steelers ap rankontre ak Indianapolis Colts ki gen yon palmarès 10 viktwa 0 defèt. Yon gwo tès pou Colts yo

Yè Dimanch la San Diego Chargers te bezwen pwolongasyon pou l kale Washington Redskin 23 a 17 apre yo remonte yon defisi 10 pwen nan 4 trièm kadè match la--. Saint Louis Rams te bezwen pwolongasyon tou pou l kale Houston Teksans 33 a 27. Menm situasyon an pou Seattle Seahawks ki kale New York Giants 24 a 21. Nan rankont ki jwe byen ta yè swa New Orleans Saints ranpòte yon viktwa tou mens devan New York Jets 21 a 19. Miami Dolphins danse sou Oakland Raiders 33 a 21. Cincinnati Bengals pilon-nen Baltimore Ravens 42 a 29.

XS
SM
MD
LG