Reyaksyon ap tonbe apre piblikasyon sa ki ta dwe kalandriye elektoral definitif la. Jn-Pierre Leroy di nou 2 kandida--Charlito Baker [endepandan] ak Serge Gilles [Fusion]-- mande KEP a pou li pa pote okenn lòt chanjman nan kalandriye sa a epi pou li sèten eleksyon yo dewoule nan bon kondisyon, pou evite kontestasyon ak kriz politik apre vòt la. Dat KEP a anonse yo se 8 janvye ak 15 fevriye pou Prezidans ak Palman e 5 mas pou eleksyon lokal yo.
Bò kote pa l', korespondan nou Renan Toussaint gen reyaksyon pozitif kèk sektè sou kanlandriye eleksyon yo e li pwofite ban nou lòt nouvèl ki nan aktyalite ayisyèn nan.
Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka tande repòtaj yo.