Accessibility links

Breaking News

Ansyen Footbalè Britanik George Best Mouri


Football

Yon nouvèl tris ki frape mond football la an Ewòp -pi presizeman football britanik la. Se nouvèl lanmò bitè George Best. Pou dosye e pou listwa, n ap raple ke George Best se youn nan footbalè pi flanbwayan, pi granpanpan Lewop janm genyen; men, aprè karyè li, misye te tounen yon tafyatè enpenitan, yon veritab gwògman e pou sa k konsènen rapò li ak medam yo, misye sete yon veritab “renmen sa”; gen nouvèl ki menm anplwaye mo ”playboy” pou pale de atachman George Best ak plezi lachè.

Premye-minis britanik-la, Tony Blair, rann George Best yon omaj byen merite lè l deklare -n ap site: “Nou tout konnen ke Goerge Best se petèt jwè football ki genyen plus talan nan jenerasyon-n-nan, youn nan pi gran footbolè ki janm pran nesans nan La Grand Bretay.--Fen sitasyon....

Yon lòt nòt sou footbolè lejandè sa a di nou --nap site ankÒ: “Nan ane 60 e 70 yo, moun pa t ka pale de Manchester United pou 2 premye mo ki te vin nan bouch ou, se pa t “George Best”... Misye mouri jodi vandredi 25 novanm nan nan yon lopital nan vil Lond, pi presizeman Lopital Cromwell. Li te genyen 59 lane sou tèt li

Nap retounen nan football, pou n di: VFB Stutgart ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan klub Grèk “PAOK” nan kad tounwa Unyon Football Europeyen an. Klub Ukrenyen “Shakhtar Donesk” ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Rapid de Bucharest. CSKA de Moskou fè 2 pwen sou Levski de Sofia ke li bat sou yon skò 2 a 1. Viking de La Norvèj fè match nul 2 a 2 ak Slavia de Prag. Final Koup Unyon Football Europeyen an fikse pou 10 Me 2006.

Otorite yo nan La Holand fè konnen yo pa kapab akselere papye imigrasyon football Ivwaryen Salomon Kalou pou-l vinn sitwayen peyi a akoz li pa entegre ase nan peyi a. An plis de sa Ivwaryen an, kap jwe nan Feyernoord, pa pase tès aptitud ki montre li konnen kultu peyi-a. Antrenè Olandè Marco Van basten te temwaye devan yon tribunal pou l jwen yon desizyon ki ta kapab pèmèt Kalou fè pati seleksyon ki pral patisipe nan koup du mond Almay 2006 la.

Atletisme

Jimnaz ameriken Chellsie Memmel ranpòte tit jeneral chanpyona du mond Atletis kap dewoule nan Melbourne an Ostrali. Manmzèl ranpòte konpetisyon an devan konpatriòt li Nastia Liukin.

NBA

Nan basketball pwofesyonèl la isit o Zetazini: Ron Artest make 21 pwen nan viktwa 98 a 76 Indiana Pacers ranpòte devan Cleveland Cavaliers. Los Angeles Lakers kale Seattle Supersonics; e Kobe Bryant make 34 pwen pou mesye Lakers yo nan viktwa sa a.

XS
SM
MD
LG