Football
Lis kalifye pou pwochen tou chanpyon Lig dè chanpyon Europeyen an prèske konplè apre rankont ki jwe yè Mèkredi a. Liverpool kalifye apre match nul yo fè ak Real Betis. Viktwa 2 a 0 Chelsea ranpòte devan Anderlecht pèmèt li travèse nan pwochen tou a aloske Inter de Milan kalifye apre li pilon-nen Artmedia de Bratislava 4 a 0. Situasyon an konplike nan group E a kote Milan A-C pase Vernerbach yon swif 4 a 0 pa sufi pou pèmèt yo kalifye--
PSV Eindoven ki te kapab kalifye malerezman yo fè bèk atè 4 a 0 devan Shalke 04. Real Madrid ki deja kalifye fè match nul 1 a 1 ak Lyon ki li menm tou kalifye. Menm rezulta pou Rosenborg de la Norvèj ki tap rankontre ak Olympiakos. FC Porto ak Glasgow Rangers pataje skò a 1 a 1. 7 kalifye yo se Bayern de Munich, Juventus de Turen, Arsenal, Ajax Amsterdam, Lyon, FC Barselon ak Real Madrid. Nan 2 semen nap konnen 6 dènye kalifye yo.
Asistan antrenè seleksyon Turk la, Mehmet Ozdilek, ki demisyone apre ensidan ki te rive nan match de baraj ant Turki ak la Swis 16 Novanm pase a di li regrèt patisipasyonn nan deblozaj la.
Prezidan Federasyon Football Entènasyonal la Sepp Blatter resevwa jodi a prezidan federasyon football Turk la Levent Bicakci nan moman FIFA ap men-nen ankèt sou deblozaj ki te genyen pandan rankont koup du mond ant La Swis ak la Turki. Komisyon kap ankete sou ensidan an gen pou tande pati konsène yo nan debu semen pwochè n nan avan yo pran yon desizyon avan tiraj osò koup du mond la 9 Desanm.
Responsab klub Angle Portsmouth revoke antrenè ekip la Alain Perrin 7 mwa depi li tap dirije klub la. Porthsmouth klase 17 tièm nan klasman jeneral la avèk 10 pwen pou 13 match
Nouvèl ki gen rapò ak koup du mond Almay 2006 la fè konnen la Frans kapab tèt de seri nan konpetisyon an kap kòmanse 9 Jwen pou fini 9 Juyè 2006. Responsab FIFA yo fè konnen yap anonse modalite tèt de seri chak group yo 3 jou avan tiraj osò ki gen pou dewoule nan Leipzig an Almay 9 Desanm 2005.
Yon lòt kote antrenè seleksyon Danmak la, Morten Olsen pwolonje kontra l ak seleksyon an juskan 2010. Olsen deja ede seleksyon an kalifye pou koup du mond Japon / Kore du Sud la an lan 2002, koup dEuròp dè nasyon an 2004 malerezman Danwa yo elimine nan koup du mond Almay 2006 la.
Yon lòt kote seleksyon nasyonal football Brezil la anonse lap pase 14 jou an Swis ane pwochèn pou l prepare pou koup du mond la dapre anons Konfederasyon Football. Delegasyon Brezilyen an rezève tout chanm yon otèl ki situe tou pre “Lac des Quatres-Cantons." Brezilyen yo gen pou diskute yon match amikal le 1 Mars 2006.
Defansè seleksyon Angola la Yamba Asha ap purje yon suspansyon pwovizwa 30 jou apre li te teste pozitif pou uzaj anabolizan nan match kalifikatif koup du mond ant Rwanda ak Angola 8 Oktòb pase. FIFA anonse ouvètu yon ankèt. Si ankèt la revele Asha ta konsome dròg tankou rezulta tès A montre l--eh byen msye kapab rate koup du mond Almay 2006 la si tès B a pozitif.
Te gen fèt nan Trinidad apre seleksyon an kalifye pou faz final koup du mond la. Klike sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou w tande plis ak envite n Deceyon Exilus.
Atletisme
Jimnaz Japonè Hiroyuki Tomita ranpòte chanpyona du mond Jimnaz nan tout 7 kategori yo ak yon total 56 pwen 698 devan konpatriòt li Hisashi Mizutori ak Belarus Denis Savenkov. Final kategori feminen an ap dewoule demen Vandredi ak ameriken Nastia Liukin favori pou ranpòte meday dò a.
Volleyball
Chanpyona du mond Volebòl feminen ap dewoule o Japon pou yon 2 zièm fwa afile an lan 2010 dapre deklarasyon Prezidan Federasyon Volleball Internasyonal la Ruben Acosta rezon an se akoz patisipasyon fanatik yo
NBA
David West make 21 pwen epi trape balon an 13 fwa nan viktwa 84 a 80 New Orleans Hornets ranpòte devan Minnesota Timberwolves. Washington Wizards subi 5 kièm defèt afile l apre yo tonbe 91 a 83 devan Orlando Majik ki pat gen sèvis Steve Francis. Philadelphia 76ers pèdu devan Milwaukee Bucks 108 a 97. Miami Heat danse sou Portland TrailBlazers 100 a 79.