Accessibility links

Breaking News

KEP a Anonse Distribisyon Kat Elektoral Nan Lwès Ayiti


Yon responsab nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a te anonse ke KEP a ap kòmanse distribye kat elektoral yo jodi a.

Nan Plato Santral la, elektè ak kandida kritike fason Òganizasyon Eta Ameriken yo ap enstale biwo elektoral yo nan yon seri lokalite.

Yon group relijye ayisyen mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a òganize eleksyon nan fen ane a wè-pa-wè, kèlkeswa sikonstans la.

Nan vil Sen Mak, yon responsab relijye mande Konsèy Elektoral la mennen ankèt sou yon seri kandida kap sèvi ak byen Leta pou yo mennen kanpay yo.

Depatman Deta ameriken an fè konnen li leve lòd li te pase pou manm pèsonèl anbasad amerikèn nan nan Pòtoprens ki pa esanyèl, kite peyi dAyiti; sepandan avètisman li te bay sitwayen ameriken kont vwayaj nan peyi sa a, toujou rete an vigè.

Lè nou fè klik sou ralonj ki anlè tèks la, n'ap tande korespondan sila yo: Rotchild François, Jr. (Pòtoprens), Jn-Christophe Collègue (Mibalè), Duc Jonathan Joseph (Gonayiv) ak Galilée Périlus (Sen Mak).

XS
SM
MD
LG