Accessibility links

Breaking News

Ayiti: KEP a Sipoze Anonse Yon Kalandriye Lendi 21 Novanm nan


Nan peyi d Ayiti, pandan tout laprès deja anonse dat 27 desanm pou premye tou eleksyon prezidansyèl ak palmantè yo, KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa) gen pou li fè yon anons fòmèl lendi sa a (21 novanm 2005) sou kalandriye definitif eleksyon yo.

Gouvènman pwovizwa Gérard Latortue a pwomèt vòt la pral dewoule yon fason lib, onèt e demokratik. Sepandan, andedan peyi a, kou nan diaspora a, anpil analis ak kritik pa met’ dlo nan bouch yo pou siyale pakèt erè ekip tranzisyon an komèt ak sikonstans kote li sanble aji andeyò otorite lalwa.

Muradieu Joseph se yon sendikalis nan eta Massachusetts ki bay Lavwadlamerik opinyon li sou dosye eleksyon Ayiti. Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka tande li.

XS
SM
MD
LG