Accessibility links

Breaking News

Kowalisyon Izrayèl la Kraze: Eleksyon Pral Fèt Anvan Lè


Premye Minis Ariel Sharon, kidonk Chèf gouvènman izrayelyen an, prezide sa ki kapab dènye konsèy minis kabinè li genyen kounye a, kabinè inite nasyonal Likoud akTravayis yo. Pouki? ebyen, Pati Travayis la, sou lobedyans nouvo lidè li a, Amir Peretz, deside rale kò li nan gouvènman an e fòse eleksyon fèt anvan lè.

Mitchell Barak se yon militan nan Likhoud, blòk konsèvatè Ariel Sharon nan. Li kwè msye Sharon ta kapab abandone pati sa a pou l’ale nan eleksyon ak yon nouvo fòmasyon politik. Men msye Barak panse se ta yon pati difisil. Li di lè yon nonm gen 77 an sou tèt li, se pa pi bon lè pou li kòmanse yon biznis ni lanse yon nouvo pati politik. Antouka, se reyalite a ann Izrayèl kote remou politik semèn pase a pote move nouvèl pou efò lapè ak Palestinyen yo. Vrèman vre, puiske Ariel Sharon pral senpman likide afè kourant annatandan eleksyon yo, pètèt 28 Mas 2006, li pap ka fè okenn jès serye anvan sa, nan direksyon Pouvwa Palestinyen an.

Klike sou ralonj anlè a pou w tande nouvèl la ak vwa Mitchell Barak.

XS
SM
MD
LG