Accessibility links

Breaking News

Roy Keane pap Jwe nan Manchester United ankò


Football

Manchester United fè konnen li jwen yon antant ak Roy Keane pou yo pran yon wout diferan akoz msye pa janm mete dlo nan bouch li pou l kritike lot̀ jwè klub la.Bò kote pa l, klub-la (an palan de Manchester United) fè parèt yon deklarasyon sou sit entènèt-li kote li di kaptenn demisyonè-a --Roy Kean ki genyen 34 tran-- antann-ni ak responsab ekip-la pou yo anile kontra-l-la... konsa, misye lib pou l al woule balon pou yon lòt ekip...

An Espay weekend sa a la tè pral tranble nan stad Santiago Bernabeu a lè Real Madrid ap rankontre ak F C Barselòn nan okazyon 13 zièm jounen chanpyona Espayòl la. Real Madrid klase 3 zièm aloske Barselòn klase an 2 zièm pozisyon dèyè Osasuna ki gen lontan depi nan li tèt klasman jeneral la. Bayern de Munik ki nan tèt klasman jeneral chanpyona Alman an ap jwe an deplasman lakay Bielefeld demen Samdi nan okazyon 13 zièm jounen chanpyona a.

An Angletè ap gen yon duèl ant 2 belijeran nan chanpyona a lè Chelsea ap rankontre ak Newcastle nan okazyon 13 zièm jounen chanpyona Angletè a--aloske Charlton ap jwen kont Manchester United. Portugè Cristiano Ronaldo, ki gen 20 tan, pwolonje kontra l ak Manchester United juskan 2010.

Footballè lejandè Brezilyen Pele fè konnen Brezil dwe mefye l nan moman pwononstik ba l favori pou ranpòte pwochèn edisyon koup du mond Almay 2006 la. An Itali gen yon epe Damoclès ki pandye sou tèt lidè chanpyona Italyen an Juventus de Turen lè yap jwe an deplasman Samdi lakay AS Rom aloske ke Milan A-C gen pou jwe kont Fiorentina.

Tennis

Teren-an pare, nan vil Changhai, nan Lachinn, pou semi final Koup dè Gran Mèt la, aprè yon viktwa san zatann ajanten Gaston Gaudio ranpòte nan kar de final la. Vrèman-vre, pandan pi fò match-la, se pa ti mizè Gaudio pa t pase devan chilyen Fernando Gonzalez; men, ajanten-an --ki te ranpòte Chanpyona Roland Garros-la an 2 mil 4-- te jwenn mwayen li remonte pant-la pou l voye Senor Gonzalez remiz a sè paran sou yon skò 2 a 1: 6-1 (pou Gonzalez) epi 7-5 e 7-5 pou Gaston Gaudio. Konsa, Gaudio pral tope kòn-ni nan semi-final-la demen Samdi-a ak numero 1 mondyal-la, swis Roger Federrer, tandiske pou lòt match-la yon lòt ajanten ki rele David NalBandian, pral fè fas ak rus Nikolay Davydenko.

NBA

Aswè-a nan NBA a Orlando Majik pral lakay Cleveland Cavaliers epi Detroit Pistons ap fè kout pye lakay Houston Rockets Rankont ki te dewoule yè swa bay rezulta sa yo. Dallas Mavericks ranpòte yon bèl viktwa 87 a 78 devan Atlanta Hawks ki poko janm ranpòte viktwa. San Antonio Spurs te fè anpil efò avan li Houston Rockets 86 a 80. Washington Wizards tonbe devan devan Minnessota Timberwolves 109 a 98. Kevin Garnett make 25 pwen-trape balon an 13 fwa e fè 9 pas ki make pwen.

XS
SM
MD
LG