Accessibility links

Breaking News

FIFA Menase pou l pran Sanksyon kont Turki


Football

Prezidan Federasyon Football Entènasyonal la FIFA fè konnen yo kapab entèdi patisipasyon Turki nan eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la kòm punisyon a move konpòtman fanatik yo te genyen pandan match de baraj retou koup du mond ki jwe yè nan Istanbul. FIFA anonse yo pral men-nen yon ankèt sou ensidan an e yap pwononse yo avan tiraj osò a ki fikse pou 9 Desanm nan Leipzig an Almay. Fanatik Turk yo te voye ze ak lòt objè sou footbalè Swis yo epi lese frape ant footbalè 2 peyi yo.

Dapre nouvèl yo yon jwè swis te bay yon manb pèsonèl teknik Turk la yon kout pye nan moman litap kite teren an. Responsab football Turk yo akuze msye Blatter ki se yon Swis kòm kwa li pran pozisyon pou Swis yo.

Ostrali, la Swis, Espay, Republik Tchèk ak Trinidad and Tobago konplete lis 32 peyi ki kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 la. La Swis kalifye malgre yo pèdu 4 a 2 devan la Turki-Swis yo te ranpòte match ale a 2 a 0. Espay ki fè match nul 1 a 1 ak Slovaki kalifye akoz yo te ranpòte match ale a 5 a 1. Republik Tchèk jwen tikè l apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan la Norvèj.

Trinidad and Tobago ap fè premye vwayaj li nan yon koup du mond apre viktwa supriz yo 1 a 0 yo ranpòte devan Barèy nan Manama. Li pran 32 zan pou yon peyi nan Karayib kalifye pou faz final yon koup du mond--dènye fwa sa te fèt se te an 1974 lè Ayiti te reprezante Karayib nan koup du mond ki te dewoule an Almay. Otorrite yo nan Trinidad dekrete jounen jodi a kòm yon jounen banbòch nasyonal donk pa gen travay. Pwochen rande-vou 9 Desanm nan Leipzig an Almay kote tiraj osò a pral dewoule.

Ansyen abit alman Robert Hoyzer kondane pou l pase 3 zan 5 mwa nan prizon pou magouy li te abitye fè nan yon seri de match Lig Football Alman an

Atletism

Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la ratifye plizyè rekò du mond ki te bat pandan ane a. Pami rekò ki te bat pandan ane a, Federasyon an ratifye rekò du mond kourè Etyopyen Kenenisa Bekele te bat nan kous 10 kilomèt la 26 Out pase a nan Brusèl. Rekò du mond lansè de marto Rus Tatyana Lysenko te bat 15 Juyè.

Pwopriyetè klub football zèpòl kare ameriken yo vote pou yon final Superbowl dewoule nan Kansas City. Dapre responsab yo Kansas City kapab akeyi swa 49 vièm ou byen 51 nièm edisyon an donk 2014 ou byen 2016. CN-166

Boxe

Depute ameriken yo vote 233 vwa ak 190 kont kreyasyon yon komisyon pou regularize boks Ozetazuni. Yon pwojè lwa sena ameriken an te aprouve an Me. Chak eta gen pwòp règleman yo. Moun ki pa dakò yo fè konnen efò mal fèt pou pèmèt gouvènman Federal la administre yon pati nan endustri amuzman an. Moun ki dakò yo di yon komisyon ameriken kapab ede rezoud tout yon seri de pwoblèm tankou boksè kap riske la vi yo pou goumen nan yon seri de eta ki pa gen bon règleman ak manadjè magouyè.

NBA

Allen Iverson make 42 pwen epi Andre Iguodala ajoute 26 pwen pou pèmèt Philadelphia 76ers kale Toronto Raptors 121 a 115 an mèm tan ranpòte 6 zièm viktwa l nan lig basketball ameriken an.. Raptors yo subi 8 tièm defèt afile. Nan Charlotte North Carolina, Bobcats krabiinen Indiana Pacers 122 a 90. Los Anjeles Lakers kale New York Knicks 97 a 92. Milwaukee Bucks ranpòte yon viktwa tou mens devan Golden State Warriors 90 a 87. Chikago Bulls tonbe devan Portland Trailblazers 96 a 93.

XS
SM
MD
LG