Accessibility links

Breaking News

Prezidan Konsèy Elektoral Ayisyen an Deklare Eleksyon ap Fèt an Desanm nan


Ayiti: Konsèy Elektoral la ap pran tout dispozisyon pou eleksyon prezidansyèl yo dewoule nan mitan mwa desanm nan, sepandan prezidan KEP a, Max Mathurin, pat vle bay yon dat, nan yon rankont li te fè ak laprès nan Pòtoprens. Rotchild François, Jr. gen detay nouvèl sa a pou nou.

Pandansetan, nan vil Okap ak lòt zòn nan Depatman Nò a, patizan gwo komèsan Samir Mourra depeswade y'ap rete mobilize e pwoteste jiskaske otorite yo remete kandida yo a nan kous la. Msye Mourra ak yon lòt kandida ki gen paspò ameriken tou elimine nan kous la, sou baz yon desizyon Komisyon Leta sou Nasyonalite Kandida yo. Yon twazyèm kandida pran move kanè pou rezon administratif, dapre KEP a. Koute repòtaj Yvan Martin Jasmin an pou plis detay.

Nan ralonj ki anlè paj la, nou va tande tou sa k'ap pase nan Latibonit, kote plizyè kandida ap ankouraje fòmasyon yon alyans kont René Préval, epi nan Okay difon, kote militè demobilize gen je yo sou kandida ki ta ka defann kòz ansyen lame dAyiti a nan pwochen gouvènman an. Repòtaj sa yo siyen Duc Jonathan Joseph ak Jn-Ersnt Eliscar. Koute yo.

XS
SM
MD
LG