Accessibility links

Breaking News

Trinidad Kalifye pou Mondyal 2006 la


Football

Trinidad and Tobago se 4 trièm seleksyon kap reprezante zòn KONKAKAF la nan koup du mond Almay 2006 la gras ak yon viktwa tou mens 1 a 0 yo ranpòte devan Barèyn nan match retou ki jwe nan Manama. Dennis Lawrence make bout gòl la an favè Trinidadyen yo kap fè premye vwayaj yo nan faz final yon koup du mond.

Bonè jodi a Ostrali kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 la gras ak yon viktwa 4 a 2 yo ranpòte sou tir de penalite devan Urugwe apre tan reglemantè a te fini 1 a 0 an favè Ostralyen yo nan match de baraj retou a ki dewoule jodi a nan vil Sidney. Jwè Ostralyen yo te gen pwomès yap resevwa plis pase 60 mil dola prim si yo kalifye pou faz final la.

Nan lòt match de baraj Espay trouve l nan bon pozisyon apre viktwa 5 a 1 yo ranpòte devan Slovaki Samdi dènye. Slovaki kapab kalifye akondisyon yo ranpòte yon viktwa 4 a 0. La Swis toujou gen chans pou l kalifye apre viktwa 2 a 0 yo te ranpòte devan la Turki Samdi a domisil. Men yo mèt pare pou monte yon maswife devan publik Turk la. Republik Tchèk kapab trouve l pami elit football mondyal la apre viktwa 1 a 0 yo te ranpòte devan la Norvèj.

Seleksyon espwa franse kalifye pou faz final Euro 2006 la gras ak yon viktwa 2 a 1 yo pase Angletè nan okazyon 8 tièm de final retou. Nan lòt rankont Almay kale Republik Tchèk 1 a 0 Itali fè match nul ak la Ongri 1 a 0--Italyen yo te fè match nul a 1 a 1. Gen plizyè lòt rankont kap dewoule jodi a.

Responsab lig football balonwon ameriken an aksepte pou San Jose Earthquake deplase pou l al evolye nan yon lòt zòn pou pwochen sezon an.

NBA

Lebron James make 37 pwen pou l pèmèt Cleveland Cavaliers danse sou Washington Wizards ak yon viktwa 114 a 99-sa fè Washington 2 zièm defèt li subi depi debu sezon an. Nan lòt rankont Detroit Pistons ranpòte 7 tièm viktwa afile l apre li pilon-nen Boston Celtics 115 a 100. Orlando Majik te fè anpil efò poiu l kale Charlotte Bobcats. Philadelphia 76ers wouze Toronto Raptors 104 a 92. Miami Heat ranpòte yon viktwa tou mens devan New Orleans Hornets 109 a 102. Minnesota Timberwolves tonbe devan Houston Rockets 94 a 89. Dallas Mavericks ranpòte yon viktwa surpriz devan Denver Nuggets 83 a 80. Sakramento Kings pilon-nen Utah Jazz 119 a 83. Milwaukee tonbe fas anba devan Los Anjeles Clippers 109 a 85.

Baseball

Pwopriyetè nan Lig Baseball ameriken an dakò pou gen penalite sevè ki pran kont jwè kap konsome steroyid. Nouvo antant la dakò pou ogmante kantite tès yo kapab fè kont atlèt yo. Pa ekzanp pati konsène yo dakò yon suspansyon 50 match pou tout jwè ki teste pozitif pou la premyè fwa--100 match suspansyon pou 2 zièm tès ki pozitif epi suspansyon avi pou yon 3 zièm tès ki pozitif.--Jwè a kapab reaplike pou l tounen nan lig la apre 2 zan apre yo finn revize dosye l. Règleman ki an plas kounye a mande yon suspansyon 10 jou pou premye tès ki pozitif--30 jou pou yon 2 zièm fwa epi 60 jou pou yon zièm ofans--yon jwè kapab resevwa yon suspansyon avi sèlman apre li te teste pozitif pou uzaj steroyid pou yon 5 kièm fwa dapre aktyèl règleman yo.

XS
SM
MD
LG