Accessibility links

Breaking News

Verite sou Tanbou pou 5 dènye Tikè Almay 2006 la


Football

Demen Mèkredi swa nap konnen 5 dènye kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 la nan okazyon match retou match de baraj la. Espay trouve l nan bon pozisyon apre viktwa 5 a 1 yo ranpòte devan Slovaki Samdi dènye. La Swis toujou gen chans pou l kalifye apre viktwa 2 a 0 yo te ranpòte devan la Turki Samdi a domisil. Republik Tchèk kapab trouve l pami elit football mondyal la apre viktwa 1 a 0 yo te ranpòte devan la Norvèj. Urugwe pral lakay Ostrali apre viktwa 1 a 0 yo te ranpòte lakay yo aloske Trinidad and Tobago poko konnen ki kote li gad apre match nul 1 a 1 yo te fè ak Baren nan Port of Spain.

Klub football Alman Bayern de Munick kloture sezon 2004 -2005 ak yon benefis plis pase 5 milyon dola. Atakan seleksyon nasyonal Paragwe a Roque Santa Cruz pwolonje kontra la ak Bayern de Munich juskan 2009. Federasyon Football Turk la pwoteste ofisyèlman kont move tretman yo di seleksyon an te subi Samdi an Swis nan okazyon match de baraj ale ant 2 seleksyon yo apre publik la te bat chalbari dèyè vizitè yo. Malgre tout babye sa a responsab yo mande fanatik yo pou gade kalm yo pandan match retou a. Gadyen d-bu seleksyon Alman an Oliver Kahn fè konnen li kapab kontinye karyè l nan gòl seleksyon an apre koup du mond la malgre premyè deklarasyon li te fè kòm kwa li tap pran retrèt li.

Nouvèl ki soti nan antouraj Premye Minis Britanik la Tony Blair ta fè konnen li menm ak tout Minis Finans la ta kapab ap prepare pou kore kandidatu Angletè pou -l òganize koup du mond la an lan 2018--etan done se ane kontinan Europeyen an kapab òganize konpetisyon an. Tout peyi ki vle kandida dwe fè l an lan 2010 swa 2 zan avan Angle yo òganize Je zolenpik yo an lan 2012. An lan 2010 koup du mond la ap dewoule pou la premyè fwa sou kontinan Afriken an( Afrik du Sud), an 2014 nan yon peyi nan Amerik du Sud la e an lan 2018 sou kontinan Europeyen an.

Yon lòt kote yon tribunal Alman mande yon pèn 2 zan prizon kont ansyen abit alman Robert Hoyzer ki rekonèt li te konn resevwa kout lajan anba tab pou fè move kout siflèt kont yon seri de klub nan chanpyona football alman an.

Football Ameriken

Dallas Cowboys remonte yon defisi nan 4 trièm kadè rankont la pou l kale Philadelphia Eagles 21 a 20 pou -l pataje premye plas la ak New York Giants nan Konferans NFC Es la ak yon palmarès 6 viktwa 3 defèt nan moman manke 7 match pou sezon an fini. Eagles yo nan ke kamyonèt la ak 4 viktwa 5 defèt dèyè Washington Redskins ki gen 5 viktwa 4 defèt. CN-34

NBA

New York Knicks ranpòte yon 2 zièm viktwa nan NBA a gras ak yon viktwa 73 a 62 yo ranpòte devan Utah Jazz yè swa. Viktwa ki mete New Yorkè yo ak 2 viktwa 5 defèt. Golden State Warriors suprann bonanj Chikago Bulls ak yon swif 100 a 82 pou l mete yo ak yon palmarès 5 viktwa 3 defèt. Nan lòt rankont ki jwe yè swa Paul Gasol make 20 pwen e trape balon an 10 fwa nan viktwa 85 a 73 Memphis Grizzlies ranpòte devan Los Anjeles Lakers.

Atletisme

Konsèy Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la publiye dat 3 chanpyona du mond pou sezon 2007 -2008 la. Chanpyona du mond Atletis an Sal l 2008 la nan Valans, Mondyo Cross Country nan Mombassa o Kenya ak Chanpyona du mond sou wout la an 2007 nan Udineze-Itali. Konsèy la anonse tou 24 konpetisyon pou sezon 2006 la.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kale Kwat Ivan Ljubicic 6-3, 2-6, 7-6 pou l ranpòte 2 zièm viktwa nan tounwa tenis dè mèt kap dewoule nan Shangai an Chin. Sa fè Federer 33 viktwa afile li ranpòte pou ane a. Ameriken Andre Agassi mande responsab tenis mondyal yo pou redui nan kalandriye a yon fason pou diminye chans blesu pou jwè yo nan fen sezon an. Dapre Agassi absans atlèt yo akoz blesu afekte kalite konpetisyon an.

Natation

Najè ameriken Aaron Peirsol ak Katie Hoff seleksyone kòm meyè najè ameriken pou ane a. Anons la fèt nan okazyon yon sware gala ki dewoule nan vil New York yè swa.

Je Zolenpik

Majistra vil Sud Koreyen, Busan anonse kandidatu vil la pou l òganize je zolenpik dete yo an lan 2020. Majistra a ofisyèlman lanse kandidatu vil la nan okazyon Forum Ekonomik Azi Pasifik la ak posibilite pou kapital Kore du Nò a Pyongyang ajoute nonn pou òganize je tèt ansanm.

XS
SM
MD
LG